BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 28
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Sayil vizite yon dam ki konn pale ak mò nan Enndò (1-25)

1 Samyèl 28:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:52
  • +1Sa 27:12; 29:3

1 Samyèl 28:2

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “vin moun k ap veye tèt mwen toule jou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 29:2

1 Samyèl 28:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:1
  • +Eg 22:18; Le 19:31; 20:6, 27; Dt 18:10, 11; Re 21:8

1 Samyèl 28:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 19:17, 18; 2Wa 4:8
  • +1Sa 31:1; 2Sa 1:21; 21:12

1 Samyèl 28:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 28:20

1 Samyèl 28:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:37
  • +Eg 28:30; Nb 27:21

1 Samyèl 28:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:18; Le 19:31; 20:6; 1Sa 15:23; 28:3
  • +Joz 17:11

1 Samyèl 28:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 18:10, 11; 1Kw 10:13

1 Samyèl 28:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pran nanm mwen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 28:3
  • +Eg 22:18; Le 20:27

1 Samyèl 28:12

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sa ki te parèt sanble ak Samyèl la”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 28:3

1 Samyèl 28:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 15:27

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/1/2010, p. 20

1 Samyèl 28:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 28:6
  • +Le 19:31

1 Samyèl 28:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 15:23; 16:14

1 Samyèl 28:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:14; 15:28; 16:13; 24:20

1 Samyèl 28:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 15:9; 1Kw 10:13

1 Samyèl 28:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 28:1; 31:1
  • +1Sa 31:5
  • +1Sa 31:2; 2Sa 2:8
  • +1Sa 31:7

1 Samyèl 28:21

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “mwen te mete nanm mwen nan pla men m”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 20:27

1 Samyèl 28:24

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “al fè sakrifis avè l”.

1 Samyèl 28:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 28:8

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 28:11Sa 14:52
1 Sam. 28:11Sa 27:12; 29:3
1 Sam. 28:21Sa 29:2
1 Sam. 28:31Sa 25:1
1 Sam. 28:3Eg 22:18; Le 19:31; 20:6, 27; Dt 18:10, 11; Re 21:8
1 Sam. 28:4Joz 19:17, 18; 2Wa 4:8
1 Sam. 28:41Sa 31:1; 2Sa 1:21; 21:12
1 Sam. 28:51Sa 28:20
1 Sam. 28:61Sa 14:37
1 Sam. 28:6Eg 28:30; Nb 27:21
1 Sam. 28:7Eg 22:18; Le 19:31; 20:6; 1Sa 15:23; 28:3
1 Sam. 28:7Joz 17:11
1 Sam. 28:8Dt 18:10, 11; 1Kw 10:13
1 Sam. 28:91Sa 28:3
1 Sam. 28:9Eg 22:18; Le 20:27
1 Sam. 28:121Sa 28:3
1 Sam. 28:141Sa 15:27
1 Sam. 28:151Sa 28:6
1 Sam. 28:15Le 19:31
1 Sam. 28:161Sa 15:23; 16:14
1 Sam. 28:171Sa 13:14; 15:28; 16:13; 24:20
1 Sam. 28:181Sa 15:9; 1Kw 10:13
1 Sam. 28:191Sa 28:1; 31:1
1 Sam. 28:191Sa 31:5
1 Sam. 28:191Sa 31:2; 2Sa 2:8
1 Sam. 28:191Sa 31:7
1 Sam. 28:21Le 20:27
1 Sam. 28:251Sa 28:8
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 28:1-25

1 Samyèl

28 Nan jou sa yo, moun Filisti yo te rasanble lame yo pou y al fè lagè ak pèp Izrayèl la+. Se sa k fè Akich te di David: “Se sèten ou konnen fòk ou menm ak mesye w yo al nan lagè a ansanm avè m+.” 2 David di Akich: “Ou konnen byen sa sèvitè w la ap fè.” Epi, Akich di David: “Poutèt sa, m ap fè w vin sekirite m nètale*+.”

3 Samyèl te gentan mouri e tout pèp Izrayèl la te nan lapenn pou li. Yo te antere l nan Rama, vil kote l moun nan+. Sayil te retire moun ki konn chèche pale ak mò yo ak divinò yo nan peyi a+.

4 Sòlda Filisti yo te rasanble e yo t al monte kan yo nan Chounèm+. Se sa k fè Sayil te rasanble Izrayelit yo, e yo menm yo t al monte kan yo nan Gilbowa+. 5 Lè Sayil te wè kan sòlda Filisti yo, li te vin pè e kè l t ap bat fò anpil+. 6 Byenke Sayil te konn pale ak Jewova+, Jewova pa t janm reponn li, ni nan rèv ni pa mwayen Ourim nan+, ni li pa t voye pwofèt al pale avè l. 7 Alafen, Sayil di sèvitè l yo: “Chèche jwenn yon fi ki konn pale ak mò pou mwen+ e mwen pral kote l.” Sèvitè l yo reponn li: “Gen yon dam nan Enndò ki konn chèche pale ak mò+.”

8 Sayil te kache figi l pou moun pa rekonèt li, li te abiye ak lòt rad epi l al kot dam nan lannuit ak de nan mesye l yo. Epi, li di dam nan: “Tanpri, sèvi ak pouvwa w genyen pou w chèche pale ak mò a pou w fè m konnen sa k pral rive+. M ap di w ki moun pou w fè monte pou mwen.” 9 Men, dam nan di l: “Ou byen konnen sa Sayil te fè, ki jan l te retire moun ki konn chèche pale ak mò ansanm ak moun ki divinò yo nan peyi a+. Poukisa w ap eseye pran m* nan pyèj pou w fè yo touye m+?” 10 Epi, Sayil fè sèman devan Jewova bay dam nan, li di l: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman ou pap koupab pou sa!” 11 Epi, dam nan mande l: “Kiyès pou m rele pou ou?” Li reponn: “Fè Samyèl monte pou mwen.” 12 Lè dam nan wè “Samyèl”*+, li rele byen fò, apre sa, li di Sayil: “Poukisa w pran m sou plan? Men, ou se Sayil!” 13 Wa a di l: “Ou pa bezwen pè. Ki sa w wè?” Dam nan reponn: “Mwen wè yon moun ki sanble ak yon dye k ap monte sot anba tè a.” 14 Menm moman an, li mande dam nan: “Ki jan w wè l ye?” Epi, dam nan di l: “Se yon granmoun gason ki monte a. Li gen yon manto san manch sou li+.” Lè sa a, Sayil konprann se “Samyèl”. Apre sa, li met ajenou e li bese fas atè.

15 Epi, “Samyèl” di Sayil: “Poukisa w deranje m, ou fè m monte?” Sayil reponn: “Mwen nan gwo pwoblèm. Moun Filisti yo ap fè lagè avè m. Epi, Bondye kite m, li pa reponn mwen ankò, li pa ni voye pwofèt vin pale avè m ni li pa pale avè m nan rèv+. Se poutèt sa mwen vin rele w pou w fè m konnen sa pou m fè+.”

16 Epi, “Samyèl” di l: “Poukisa menm ou vin pale avè m piske Jewova lage w+ e li vin ènmi w? 17 Jewova ap fè sa l te voye m anonse a: Jewova ap retire wayòm nan nan men w, epi l ap bay David li, yon moun parèy ou+. 18 Piske w pa t obeyi pawòl Jewova e w pa t elimine moun Amalèk yo ki te fè l vin an kòlè anpil+, se sa k fè Jewova ap aji avè w konsa jodi a. 19 Jewova ap lage ni pèp Izrayèl la ni ou menm nan men moun Filisti yo+, epi demen+ ou menm ak pitit gason w yo+ ap menm kote avè m. Epitou, Jewova ap lage lame Izrayèl la nan men moun Filisti yo+.”

20 Menm moman an, Sayil tonbe tou long atè e pawòl “Samyèl” te di l yo te fè l pè anpil. Epi, li pa t gen fòs nan li ditou ankò, paske li pa t manje ni lajounen ni lannuit. 21 Lè dam nan vin bò kote Sayil e li wè jan l gen pwoblèm, li di l: “Mwen menm, sèvant ou an, mwen te obeyi sa w te di m nan, mwen te riske lavi m*+ e mwen te fè sa w te mande m nan. 22 Kounye a, tanpri, koute sa sèvant ou an gen pou l di w. Kite m ba w yon moso pen, epi manje l pou w ka gen fòs pou w kontinye wout ou.” 23 Men, li te refize, li di: “Mwen pap manje.” Malgre sa, sèvitè l yo ansanm ak dam nan te kontinye ankouraje l manje. Alafen, li koute yo, li leve atè a, epi li chita sou yon kabann. 24 Dam nan te gen yon ti bèf byen gra lakay li. Li kouri al touye l*, apre sa, li pran farin, li fè yon pat, epi li fè kèk pen ki pa t gen ledven. 25 Li sèvi Sayil ak sèvitè Sayil yo manje a e yo manje. Apre sa, yo leve y ale nan nuit lan+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje