BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Dànyèl 11
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Dànyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Wa peyi Pès ak wa peyi Lagrès (1-4)

      • Wa sid la ak wa nò a (5-45)

        • Ap gen yon moun k ap fè moun peye taks (20)

        • Y ap kraze Gid alyans lan (22)

        • Y ap bay dye fòtrès yo glwa (38)

        • Wa sid la pral nan lit ak wa nò a (40)

        • Yon seri mesaj ki sot nan lès ak nan nò ap boulvèse moun (44)

Dànyèl 11:1

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “e pou m vin tankou yon fòtrès pou li”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 5:30, 31; 9:1

Dànyèl 11:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “leve”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 8:21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè,

    10/2017, p. 4

Dànyèl 11:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 8:5, 21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè,

    10/2017, p. 4

    Referans pou Pwogram reyinyon, 10/2017, p. 2

Dànyèl 11:4

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “kat van ki sot nan syèl la”.

  • *

    Oswa: “pitit li yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 7:6; 8:8, 22

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè,

    10/2017, p. 4

Dànyèl 11:5

Nòt anba paj

  • *

    Sanble se wa nò a.

Dànyèl 11:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “akò”.

Dànyèl 11:8

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.

Dànyèl 11:10

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “L ap”.

Dànyèl 11:14

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ak pitit dechèpiyè yo”.

Dànyèl 11:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 48:2; Dn 8:9; 11:41, 45

Dànyèl 11:17

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “L ap met fas li nan direksyon pou l”.

Dànyèl 11:19

Nòt anba paj

  • *

    Sanble se wa nò a.

Dànyèl 11:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon moun k ap fè moun travay”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Konesans, p. 36

Dànyèl 11:21

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “L ap vini san avèti”.

  • *

    Oswa: “l ap fè mannigans”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Konesans, p. 36

Dànyèl 11:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 9:25; Jan 1:45, 49
  • +Jen 15:18; Tr 3:25

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Konesans, p. 36

Dànyèl 11:24

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “Pandan yon moman kote l pa avèti okenn moun”.

  • *

    Lit.: “gra”.

Dànyèl 11:25

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 4-5

Dànyèl 11:26

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “inonde”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 5

Dànyèl 11:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 12:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 5

Dànyèl 11:28

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 5

Dànyèl 11:29

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 5

Dànyèl 11:30

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “l ap an kòlè kont”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 10:4; Nb 24:24; Eza 23:1; Jr 2:10; Eze 27:6
  • +Dn 11:28

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 6

Dànyèl 11:31

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sakrifis yo kontinye fè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 8:11
  • +Dn 8:12
  • +Dn 12:11; Mt 24:15; Mk 13:14; Lk 21:20

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 6-7

Dànyèl 11:32

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pawòl pou l flate yo; pawòl ki pa sensè”.

Dànyèl 11:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 12:10

Dànyèl 11:34

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pawòl pou flate yo; pawòl ki pa sensè”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 6, 12

Dànyèl 11:35

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 12:10

Dànyèl 11:36

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 10:17; Sm 136:1, 2

Dànyèl 11:37

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 6

Dànyèl 11:38

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Nan plas li”.

  • *

    Oswa: “ki gen anpil valè”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 6

Dànyèl 11:39

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “L ap jwenn èd nan men”.

  • *

    Se kapab tou: “L ap fè nenpòt moun li rekonèt”.

  • *

    Oswa: “distribye”.

Dànyèl 11:40

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pral toke kòn”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 13

Dànyèl 11:41

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 48:2; Dn 8:9; 11:16, 45

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 13-14

    Vrè adorasyon an, p. 183

Dànyèl 11:43

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “tout bagay ki gen anpil valè”.

  • *

    Oswa: “ap suiv li”.

Dànyèl 11:44

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nan direksyon solèy leve”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 14-15

    Vrè adorasyon an, p. 183

    Toudegad,

    15/5/2015, p. 29-30

Dànyèl 11:45

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ki tankou yon palè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 48:2; Dn 8:9; 11:16, 41

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    5/2020, p. 15

    Vrè adorasyon an, p. 183

    Toudegad,

    15/5/2015, p. 29-30

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Dàn. 11:1Dn 5:30, 31; 9:1
Dàn. 11:2Dn 8:21
Dàn. 11:3Dn 8:5, 21
Dàn. 11:4Dn 7:6; 8:8, 22
Dàn. 11:16Sm 48:2; Dn 8:9; 11:41, 45
Dàn. 11:22Dn 9:25; Jan 1:45, 49
Dàn. 11:22Jen 15:18; Tr 3:25
Dàn. 11:27Dn 12:9
Dàn. 11:30Jen 10:4; Nb 24:24; Eza 23:1; Jr 2:10; Eze 27:6
Dàn. 11:30Dn 11:28
Dàn. 11:31Dn 8:11
Dàn. 11:31Dn 8:12
Dàn. 11:31Dn 12:11; Mt 24:15; Mk 13:14; Lk 21:20
Dàn. 11:33Dn 12:10
Dàn. 11:35Dn 12:10
Dàn. 11:36Dt 10:17; Sm 136:1, 2
Dàn. 11:41Sm 48:2; Dn 8:9; 11:16, 45
Dàn. 11:45Sm 48:2; Dn 8:9; 11:16, 41
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
  • 38
  • 39
  • 40
  • 41
  • 42
  • 43
  • 44
  • 45
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Dànyèl 11:1-45

Dànyèl

11 “Kanta pou mwen, mwen te leve pou m ba l fòs e pou m ede l* nan premye ane rèy Dariyis+, moun peyi Medi a. 2 Sa m pral di w la a se laverite:

“Gade! Gen twa lòt wa ki pral parèt* nan peyi Pès e gen yon katriyèm ki pral ranmase plis richès pase tout lòt yo. Epi, lè li vin gen plis pouvwa grasa richès li yo, l ap fè tout moun leve kont wayòm peyi Lagrès la+.

3 “Gen yon wa ki pisan ki pral parèt, l ap gen anpil pouvwa+ e l ap fè sa l vle. 4 Men, lè l fin gen anpil pouvwa, wayòm li an ap kraze e l ap gaye nan kat kwen tè a*+. Men, se pa desandan l yo* k ap resevwa wayòm li an e pèsonn pap gen pouvwa li te genyen an. Paske, y ap derasinen wayòm li an e y ap bay lòt moun li.

5 “Wa sid la, sa vle di youn nan chèf li genyen yo, ap vin gen anpil fòs. Men, gen yon lòt* k ap gen plis pouvwa pase l e l ap gen anpil pouvwa. L ap gen plis pouvwa pase l.

6 “Apre kèk ane, yo pral fè yon alyans, e pitit fi wa sid la pral vin jwenn wa nò a pou yo fè yon kontra*. Men, pitit fi a pap kenbe pouvwa li gen nan men l lan. Epi, wa a ap pèdi pouvwa l. Y ap fè ni pitit fi a, ni moun ki te leve l yo, ni papa l ansanm ak moun ki te fè l gen pouvwa nan epòk sa yo vin anba pouvwa lòt moun. 7 Gen yon moun ki soti nan rasin li k ap vin pran plas wa sid la. L ap vin nan direksyon lame a e li pral vin atake fòtrès wa nò a. L ap frape yo e l ap pot laviktwa sou yo. 8 Epi, li pral ann Ejip ak dye yo genyen yo, estati yo fè ak metal* yo, ak tout bagay ki gen valè yo genyen ki fèt ak ajan, ak lò ansanm ak moun li pran kòm prizonye yo. Pandan kèk ane, l ap ret lwen wa nò a 9 ki pral atake wayòm wa sid la. Apre sa, l ap retounen nan peyi l.

10 “Kanta pou pitit wa nò a genyen yo, y ap prepare yo pou y al nan lagè, y ap rasanble yon gwo lame. Youn nan yo ap* avanse san mank e l ap pote tout sa l jwenn ale tankou gwo dlo k ap desann. Men, l ap retounen kote l soti a e l ap fè lagè sou tout wout li jiskaske li rive nan fòtrès li.

11 “Epi, wa sid la ap vin fache anpil, l ap soti e li pral goumen avè l, sa vle di ak wa nò a. L ap rasanble yon gwo foul moun, men y ap lage foul moun nan nan men wa sa a. 12 Epi, y ap mennen foul moun nan ale. L ap vin gen ògèy nan kè l e l ap fè plizyè dizèn milye moun tonbe. Men, li pap jwi pouvwa l genyen an.

13 “Wa nò a ap retounen e l ap rasanble yon pi gwo foul moun pase premye a. Epi, apre kèk tan, apre kèk ane, san mank, l ap vini ak yon gwo lame ki gen tout sa l bezwen. 14 Nan tan sa yo, anpil moun pral leve kont wa sid la.

“Y ap vini ak moun ki renmen vyolans* pami pèp ou a pou yo ka eseye fè yon vizyon reyalize. Men, yo pap reyisi.

15 “Epi, wa nò a ap vini, l ap ansèkle yon vil ki byen pwoteje e l ap pran vil la. Lame ki soti nan direksyon sid yo pap kanpe ankò, ni sòlda li genyen ki pi bon yo, e yo pap gen fòs pou yo goumen ankò. 16 Moun k ap vin atake l la ap fè sa l vle e pèsonn pap kenbe tèt avè l. L ap kanpe nan Bèl Peyi a+ e l ap gen pouvwa pou l kraze brize. 17 L ap deside* vini ak tout fòs wayòm li an e l ap fè yon akò ak wa sa a. L ap reyisi nan sa l ap fè. Y ap ba l pouvwa pou l detwi pitit fi medam yo. Epi, pitit fi sa a pap kanpe e li pap pou li ankò. 18 L ap vire dèyè pou l gade peyi ki bò dlo yo e l ap pran anpil ladan yo. Gen yon kòmandan ki pral fè l sispann fè radiyès. Konsa, radiyès li ap fini. L ap fè radiyès li a tounen kont li. 19 Apre sa, l* ap vire gad fòtrès peyi l la, l ap kilbite, l ap tonbe e yo pap jwenn li ankò.

20 “Men, gen yon moun ki pral vin nan plas li a k ap met yon moun pou fè moun peye taks* nan bèl wayòm nan, men y ap detwi l nan kèk jou, e se pa ni ak kòlè ni ak lagè y ap fè sa.

21 “Gen yon moun yo meprize k ap vin kanpe nan plas li a e yo pap ba l onè wa yo konn genyen an. L ap vin nan yon moman kote tout moun santi yo an sekirite* e l ap twonpe moun* pou l pran wayòm nan. 22 Epi, grasa li, y ap pot laviktwa sou lame ki tankou gwo dlo k ap desann nan e y ap kraze l. E y ap kraze Gid+ alyans lan tou+. 23 Piske yo fè yon alyans avè l, l ap chèche twonpe moun, l ap atake lòt moun e yon ti nasyon ap fè l vin gen anpil pouvwa. 24 Pandan yon moman kote tout moun santi yo an sekirite*, l ap vin nan zòn ki pi rich* nan tèritwa a pou l fè sa ni zansèt li yo ni zansèt papa l yo pa t fè. L ap pataje bagay li pran nan lagè yo avèk yo, ansanm ak yon pakèt lòt bagay li genyen. L ap fè konplo kont vil ki byen pwoteje yo, men se pou yon ti tan sèlman.

25 “L ap ranmase kouraj li pou l rasanble yon lame ki gwo anpil pou l al atake wa sid la, e wa sid la pral prepare yon lame ki gen yon pakèt sòlda vanyan pou l fè lagè avè l. Li pap kanpe, paske y ap fè konplo kont li. 26 Epi, se moun k ap manje bon manje l yo k ap lage l atè.

“Y ap kraze* lame l la e y ap touye anpil nan sòlda l yo.

27 “De wa sa yo menm ap gen tandans fè sa ki mal nan kè yo, e youn ap bay lòt manti pandan yo chita sou menm tab. Men, anyen pap mache, paske lafen an ap rive nan lè ki fikse a+.

28 “Epi, wa nò a ap retounen nan peyi l ak yon pakèt machandiz e l ap kont alyans ki sakre a nan kè l. L ap reyisi nan sa l ap fè e l ap retounen nan peyi l.

29 “Nan tan ki fikse a, l ap retounen pou l vin atake tèritwa sid la. Men, lè sa a, bagay yo pap pase jan yo te pase anvan an, 30 paske bato ki sot Kitim yo+ ap vin atake l e y ap imilye l.

“L ap retounen, l ap lage kondanasyon sou* alyans ki sakre a+ e l ap reyisi nan sa l ap fè. L ap retounen pou l gade moun k ap vire do bay alyans ki sakre a. 31 E lame l voye yo pral leve kanpe. Yo pap respekte kote ki sakre a+, sa vle di fòtrès la, e y ap fè yo sispann fè sakrifis yo konn fè chak jou* yo+.

“E y ap mete bagay ki bay repiyans ki lakòz dezolasyon an nan plas li+.

32 “Wa nò a ap fè moun k ap fè sa ki mal ki pa respekte alyans lan vire do bay Bondye e l ap di pawòl dous pou l twonpe yo*. Men, pèp ki byen konnen Bondye l ap sèvi a ap vin pi djanm e l ap fè bon aksyon. 33 Epi, moun pami pèp la ki gen bon konprann yo+ ap ede anpil moun vin gen bon konprann. Pandan kèk jou, lòt moun ap fè yo kilbite anba kout epe, ak flanm dife, y ap fè yo vin prizonye e y ap dechèpiye yo. 34 Men, lè yo fin fè yo kilbite, gen moun k ap ede yo. Anpil moun ap vin jwenn yo ak pawòl pou twonpe yo*. 35 Y ap fè kèk nan moun ki gen bon konprann yo kilbite, pou yo ka netwaye yo e pou yo ka pirifye pèp la, pou fè l vin pwòp+ jiskaske lafen an rive. Paske, lafen an ap rive nan lè ki fikse a.

36 “Wa a pral fè sa l vle, l ap fè lwanj pou tèt li e l ap met tèt li pi wo pase tout dye. Epi, l ap di yon pakèt move pawòl kont Dye ki anlè tout lòt dye yo+. L ap reyisi nan sa l ap fè a jiskaske jijman Bondye a rive. Paske, sa Bondye deside a dwe fèt. 37 Li pap gen okenn respè pou Bondye zansèt li yo e li pap gen okenn respè pou sa medam yo renmen oubyen pou nenpòt lòt dye, e l ap mete tèt li pi wo pase tout moun. 38 Okontrè*, se dye fòtrès yo li pral bay glwa. L ap sèvi ak lò, ajan, pyè ki gen anpil valè ansanm ak bagay ki bèl anpil* pou l bay yon dye zansèt li yo pa t menm konnen glwa. 39 L ap met ansanm ak* yon fo dye pou l frape kote ki pi byen pwoteje yo. L ap fè moun ki gen respè pou li yo* jwenn anpil glwa e l ap mete yo dirije pami yon pakèt lòt moun. L ap separe* tèritwa bay moun ki peye l.

40 “Nan tan lafen an, wa sid la pral nan lit* ak wa nò a, e wa nò a ap fè anpil charyo, anpil moun ki sou cheval ak anpil bato vin sou wa sid la tankou yon tanpèt. L ap antre nan peyi yo e l ap pote tout sa l jwenn ale tankou gwo dlo k ap desann. 41 Mete sou sa, l ap antre nan Bèl Peyi a+ e l ap pot laviktwa sou anpil peyi. Men peyi k ap chape anba men l: Edòm, Mowab ak pati ki pi enpòtan nan peyi desandan Amon yo. 42 Epi, l ap kontinye lonje men l pou l atake peyi yo. Men, peyi Ejip pap chape. 43 L ap gen pouvwa sou trezò ki kache nan peyi Ejip yo, sou lò yo, ajan yo ak tout bon bagay* ki nan peyi a. Moun Libi yo ak moun Etyopi yo ap fè sa l di yo fè*.

44 “Men, gen yon seri mesaj k ap soti nan lès* ak nan nò k ap boulvèse l. L ap an kòlè anpil, l ap soti pou l elimine anpil moun e pou l detwi yo. 45 L ap monte tant li yo ki tankou tant wa* ant gwo lanmè a ak bèl mòn sakre a+. L ap avanse jis li peri, e pap gen pèsonn pou ede l.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje