Egzòd
9 Se sa k fè, Jewova di Moyiz: “Al kot Farawon, e w ap di l: ‘Men sa Jewova, Bondye Ebre yo, di: “Voye pèp mwen an ale pou yo ka sèvi m+. 2 Si w kontinye pa vle voye yo ale e w kontinye kenbe yo, 3 Jewova ap frape bèt ou yo+. L ap lage yon gwo maladi+ sou cheval ou yo, bourik ou yo, chamo w yo, bèf ou yo ak mouton w yo. 4 Men, Jewova ap fè yon diferans ant bèt Izrayelit yo ak bèt Ejipsyen yo. Pa gen youn nan sa k pou Izrayelit yo k ap mouri+.”’” 5 Mete sou sa, Jewova fikse yon lè pou l fè sa. Men sa li di: “Demen, mwen menm, Jewova, m ap fè sa rive nan peyi a.”
6 Vrèmanvre, nan demen, Jewova fè sa l te di a e tout kalite bèt te kòmanse mouri ann Ejip+. Men, pa gen youn nan bèt Izrayelit yo ki te mouri. 7 Lè Farawon mennen ankèt, li aprann pa gen youn nan bèt Izrayelit yo ki mouri. Malgre sa, Farawon te kontinye fè tèt di e li pa t voye pèp la ale+.
8 Apre sa, Jewova di Moyiz ak Arawon: “Plen de men nou ak sann ki sot nan fou yo kuit brik yo, e Moyiz ap voye sann nan anlè devan je Farawon. 9 Sann nan ap tounen pousyè nan tout peyi Ejip e l ap fè gwo bouton leve ni sou moun ni sou bèt nan tout peyi a.”
10 Vrèmanvre, yo pran sann nan yon fou, yo kanpe devan Farawon e Moyiz voye sann nan anlè. Epi, sann nan fè gwo bouton leve ni sou moun ni sou bèt. 11 Prèt ki te konn fè maji yo pa t ka rete devan Moyiz paske bouton te leve sou yo e sou tout Ejipsyen yo+. 12 Men, Jewova te kite Farawon kontinye fè tèt di, e Farawon pa t koute yo, jan Jewova te di Moyiz sa a+.
13 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Leve granmmaten, al kot Farawon. W ap kanpe devan l e w ap di l: ‘Men sa Jewova, Bondye Ebre yo, di: “Voye pèp mwen an ale pou yo ka sèvi m. 14 Si w pa fè sa, m ap lage tout flewo m yo sou ou, sou sèvitè w yo ak pèp ou a pou w ka konnen pa gen pèsonn ki tankou m sou tout tè a+. 15 Paske m te gendwa gentan leve men m pou m frape ni ou menm ni pèp ou a avèk yon gwo maladi, e m t ap gentan disparèt* nou sou tè a. 16 Sepandan, men pou ki rezon mwen kite w viv toujou: pou m ka fè w wè pisans mwen e pou yo ka fè konnen non m sou tout tè a+. 17 Men, mwen wè w kontinye ap fè awogan ak pèp mwen an, ou toujou pa vle voye yo ale. 18 Enben, demen, nan apeprè menm lè sa a, m ap fè yon gwo lagrèl tonbe ann Ejip. Poko janm gen yon lagrèl ki tonbe konsa nan peyi a depi l egziste. 19 Kidonk, bay lòd pou yo rantre tout bèt ou yo ak tout sa w genyen ki deyò. Tout moun ak tout bèt ki ret deyò ap mouri lè lagrèl la tonbe sou yo.”’”
20 Tout moun pami sèvitè Farawon yo ki te pè akoz sa Jewova di a te kouri fè sèvitè pa yo ak bèt pa yo rantre, 21 men, tout moun ki pa t okipe sa Jewova te di a te kite sèvitè yo ak bèt yo deyò.
22 Annapre, Jewova di Moyiz: “Leve men w anlè pou lagrèl ka tonbe sou tout peyi Ejip+, sou moun ak bèt ak sou tout plant ki nan peyi a+.” 23 Vrèmanvre, Moyiz leve baton l lan anlè, Jewova fè loray gwonde e li fè lagrèl ak dife* tonbe sou peyi a. Jewova te kontinye fè lagrèl tonbe sou peyi Ejip. 24 Lagrèl t ap tonbe e dife t ap flache nan mitan lagrèl la. Se pa de lagrèl ki pa t tonbe. Depi lè Ejip te vin yon nasyon, lagrèl pa t janm tonbe konsa nan peyi a+. 25 Lagrèl te frape tout sa ki te deyò nan peyi Ejip, ni moun, ni bèt. Li te depatcha tout plant ak tout pyebwa+. 26 Sèl kote lagrèl la pa t tonbe se nan Gochenn, zòn kote Izrayelit yo te ye a+.
27 Apre sa, Farawon voye chèche Moyiz ak Arawon, li di yo: “Fwa sa a, mwen peche. Jewova jis, men, se mwen menm ak pèp mwen an ki antò. 28 Sipliye Jewova pou loray la ak lagrèl la sispann. Lè sa a, m ap dispoze voye nou ale e mwen pap fè nou rete ankò.” 29 Lè Moyiz tande sa, li di l: “Kou m kite vil la m ap leve men m devan Jewova pou m priye l. Loray la ak lagrèl la ap sispann yon fason pou w ka konnen se pou Jewova tè a ye+. 30 Men, kanta pou ou menm ak sèvitè w yo, mwen deja konnen nou pap gen lakrentif pou Jewova Dye menm lè nou wè sa.”
31 Ni pye len yo, ni pye lòj yo te detwi, paske lòj* la te gentan fè grap e pye len yo te gentan fleri. 32 Men, lagrèl la pa t detwi ble yo* paske yo potko mi*. 33 Annapre, Moyiz soti devan Farawon, li soti deyò vil la e li leve men l devan Jewova pou l priye l. Lè sa a, loray la, lagrèl la ak lapli a sispann+. 34 Lè Farawon wè lapli a, lagrèl la ak loray la sispann, li retounen fè tèt di+, ni li menm, ni sèvitè l yo. 35 Farawon te kontinye fè tèt di e li pa t voye Izrayelit yo ale, jan Jewova te di sa pa mwayen Moyiz la+.