Jòb
Mwen pral pale sa k fè m mal.
Mwen pral pale paske m nan gwo soufrans*!
2 M ap di Bondye: ‘Pa kondane m.
Di m pou ki rezon w ap lite avè m.
3 Ki avantaj ou jwenn lè w toupizi m,
Lè w meprize sa w fè ak men w+,
Epoutan, ou koute konsèy mechan an?
4 Èske w gen je moun,
Oubyen èske w wè menm jan ak lòm?
5 Èske lavi w menm jan ak lavi lèzòm,
Oubyen èske w viv menm kantite tan ak lèzòm+
6 Ki fè w ap chèche wè sa m fè ki mal
E w kontinye ap chèche wè peche m+?
8 Se ak pwòp men w ou te ban m fòm e ou te fè m+,
Men, kounye a ou vle elimine m.
12 Ou ban m lavi e ou demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen,
Ou pwoteje lavi m+.
13 Epoutan, ou te gen nan tèt ou pou w fè m bagay sa yo*.
Mwen konnen se ou ki fè yo.
14 Si m te fè peche, ou t ap wè m+,
E ou pa t ap padone sa m fè ki mal.
15 Si m koupab, ala mizè pou mwen!
E menmsi m inosan, mwen pa ka leve tèt devan w+,
Paske mwen wont anpil e m ap soufri anpil+.
16 Si m leve tèt mwen, ou kouri dèyè m tankou yon lyon+,
Epi, yon lòt fwa ankò, ou sèvi ak pouvwa w kont mwen.
17 Ou rele lòt moun pou yo temwaye kont mwen,
E w ap vin pi an kòlè kont mwen,
Tank malè ap tonbe sou mwen.
18 Bon, poukisa w te fè m sot nan vant manman m+?
Mwen te dwe mouri anvan moun wè m,
19 Se t ap kòmsi m pa t janm egziste,
Mwen t ap annik sot nan vant manman m epi m al nan tonm tou dwat.’