Jòb
15 Elifaz+, moun Teman an, reponn:
2 “Èske yon moun ki gen sajès ap di pawòl ki san valè* pou l reponn moun?
Èske l ap kite anpil move dezi antre nan kè l?
3 Lè yon moun ap korije moun ak pawòl sèlman, sa pa itil anyen,
Epi, pawòl sèlman pa rezoud anyen.
4 Akoz ou menm, moun pa gen lakrentif pou Bondye ankò,
E ou fè lòt moun pa gen respè pou Bondye.
5 Se peche w fè ki fè w di sa w ap di yo*,
Ou chwazi pale tankou yon mètdam.
6 Se pwòp pawòl ou ki kondane w, se pa mwen,
Se pwòp bouch ou ki deklare w koupab+.
7 Èske se ou ki premye moun ki te fèt?
Èske w te fèt anvan ti mòn yo?
8 Èske w tande bagay Bondye ap di an sekrè yo,
Èske se sèl ou menm ki gen sajès?
9 Ki sa w konnen nou pa konnen+?
Ki sa w konprann nou pa konprann?
10 Nou gen moun ki gen cheve blan ak moun ki granmoun ansanm avèk nou+,
Moun ki pi gran pase papa w.
11 Èske konsolasyon Bondye bay la pa sifi pou ou?
Èske bèl ti pawòl yo di w yo pa vle di anyen pou ou?
12 Poukisa w kite lide w genyen yo pote w ale?
E poukisa w fache jiskaske je w wouj?
13 Se paske ou fache sou Bondye
Ki fè w kite pawòl sa yo soti nan bouch ou.
15 Gade! Bondye pa menm fè zanj li yo konfyans,
Menm syèl la pa pwòp nan je l+,
16 Alewè pou yon moun ki san valè e ki kòwonpi+,
Yon moun ki swaf fè sa ki mal menm jan ak yon moun ki swaf dlo!
17 Kite m pale avè w! Koute m.
Kite m rakonte w sa m wè,
18 Sa moun ki gen sajès yo rakonte zansèt yo te di yo+,
Bagay yo pa kache yo.
19 Se zansèt yo sèlman yo te bay peyi a,
Pa t gen okenn etranje ki te ansanm avèk yo.
20 Yon moun ki mechan ap soufri pandan tout vi l,
Pandan tout ane moun k ap toupizi l la gen pou l fè sa.
21 L ap tande bri k ap fè l pè+,
Vòlè ap atake l pandan gen lapè.
22 Li pa kwè l ap chape anba lanmò+,
Li la pou l mouri anba kout epe.
23 L ap pwonmennen dèyè manje*. Li di: ‘Ki kote ki gen manje?’
Li byen konnen jou lanmò a toupre.
24 Li toujou pè malè ak tètchaje k ap vin sou li,
Yo vin sou li tankou yon wa ki atake ènmi l.
25 Piske li leve men l pou l bay Bondye defi,
Li eseye opoze ak* Toupisan an,
26 Li pa wè l pa tande, li kouri sou li
Ak yon gwo boukliye ki solid,
27 Figi l gra*,
Vant li byen gwo,
28 Donk, vil li abite ladan l yo pral kraze,
Pèsonn pap rete nan kay li yo
K ap vin tounen pil wòch.
29 Li pap vin rich, li pap posede anpil byen,
E li pap gen byen nan tout peyi a.
30 Li pap chape anba lanmò,
L ap tankou yon pyebwa flanm dife seche branch li*
31 Li pa dwe kite yo twonpe l pou l al met konfyans li nan bagay ki pa vo anyen,
Paske sa l ap jwenn yo pap gen okenn valè,
32 Sa ap rive l anvan l mouri,
Epi, l ap tankou yon pyebwa branch li pap janm fleri+.
33 L ap tankou yon jaden rezen k ap jete rezen l yo tou vèt,
E l ap menm jan ak yon pye oliv k ap jete flè.
34 Paske, moun ki kite Bondye yo* pap regle anyen+,
E dife ap boule tant moun ki aksepte lajan anba anba yo.
35 Yo gen move panse nan tèt yo, e yo toujou ap fè lòt moun sa ki mal,
Epi yo kontinye ap fè plan nan kè yo pou yo twonpe moun.