Sòm
Yon chante pou moun k ap monte yo.
123 Mwen leve je gade w+,
Ou menm ki chita sou twòn ou nan syèl la.
2 Menm jan sèvitè yo ret ap gade men mèt yo
E yon sèvant ret ap gade men mètrès li,
Se konsa tou n ap ret gade Jewova, Bondye nou an+,
Jis li fè nou favè+.
3 Fè nou favè, o Jewova, fè nou favè,
Paske, yo meprize nou kont yo+.
4 Moun ki gen konfyans nan tèt yo* pase nou nan rizib kont yo,
Awogan yo meprize nou kont yo.