Ezayi
62 Poutèt Siyon, mwen pap rete san m pa pale+,
Poutèt Jerizalèm, mwen pap ret san m pa fè anyen,
Jiskaske jistis li parèt tankou yon limyè ki byen klere+,
E jiskaske delivrans li limen tankou yon flanbo+.
2 “O madanm! Nasyon yo ap wè sa ki dwat w ap fè+,
E tout wa yo ap wè valè w+.
Epi, y ap ba w yon lòt non+,
Yon non Jewova bay ak bouch pa l.
3 W ap vin yon bèl kouwòn nan men Jewova,
Yon gwo mouchwa ki konn vlope tèt wa yo nan pla men Bondye nou an.
4 Moun pap kontinye di w ou se yon madanm yo abandone+,
E yo pap rele peyi w la peyi ki devaste ankò+.
Men, y ap rele w Plezi m se nan li+,
E y ap rele peyi w la Madan marye a.
Paske, w ap fè Jewova plezi,
E peyi w la ap tankou yon moun marye.
5 Paske, menm jan yon jèn gason marye ak yon fi ki vyèj,
Moun ki abite nan peyi a ap marye avè w.
Menm jan yon lamarye fè kè yon lemarye kontan,
Se konsa w ap fè kè Bondye kontan+.
6 O Jerizalèm, mwen met moun veye sou tèt miray ou yo,
Tout lajounen, tout lannuit, yo pa dwe sispann di sa yo wè.
Nou menm k ap fè louwanj pou Jewova,
Pinga nou pran repo,
7 E pa kite l an repo, jiskaske li met Jerizalèm kanpe byen djanm,
Wi, jiskaske li fè l tounen yon glwa pou tout tè a+.”
8 Jewova leve men dwat li ki gen fòs, li fè yon sèman, li di:
“Mwen pap kontinye bay ènmi nou yo manje angren nou yo pou yo manje,
E mwen pap bay etranje bwè diven nou yo, bagay nou travay di pou n genyen+.
9 Men, moun k ap ranmase manje angren yo ap manje yo e y ap fè louwanj pou Jewova.
Epi, moun k ap konsève diven yo ap bwè yo nan lakou kay mwen an ki sen+.”
10 Pase non, pase nan pòtay vil yo.
Prepare wout la pou pèp la+.
Se pou nou fè yon gwo wout, wi, fè yon gwo wout.
Retire wòch ki ladan l yo+.