Ezayi
58 Li di m: “Rele byen fò, mezi w kapab.
Fè vwa w sonnen tankou yon kòn.
Fè pèp mwen an konnen derespektan yo fè a+,
Fè desandan Jakòb yo konnen peche yo fè yo.
2 Yo chèche m chak jou,
E yo di yo ta renmen konnen wout mwen yo,
Kòmsi yo te yon nasyon ki t ap obeyi kòmandman m yo
E ki pa t sispann fè sa ki dwat nan je Bondye yo a+.
Yo mande m pou m fè jijman ki jis,
Kòmsi yo pran plezi pou yo pwoche bò kote Bondye+.
3 Yo di: ‘Poukisa w pa wè lè n ap fè jèn*+?
E poukisa w pa remake lè nou montre nou* nan lapenn poutèt peche nou fè+?’
Paske, nan jou n ap fè jèn yo, se zafè pa nou n ap regle*,
E nou toupizi moun k ap travay pou nou yo+.
4 Se nan diskisyon ak nan batay jèn nou yo fini,
E n ap voye gwo kout pwen.
Nou pa ka ap fè jèn fason n ap fè jodi a, epi pou n ta fè m tande vwa nou nan syèl la!
5 Èske se konsa jèn mwen te mande nou fè a ta dwe ye,
Tankou yon jou pou yon moun annik montre l* nan lapenn poutèt peche l fè,
Pou l bese tèt li menm jan ak yon pye wozo,
Pou l kouche sou twal sak ak sann dife?
Èske se sa nou rele jèn, jou ki fè Jewova plezi a?
6 Non. Men jèn ki fè m plezi:
Se pou nou retire chenn mechanste yo,
Se pou nou lage kòd ki mare jouk la+,
Se pou nou bay moun n ap toupizi yo libète+,
E se pou nou kase tout jouk fè de bout.
7 Se pou nou pataje manje nou genyen ak moun ki grangou+,
Pou n mennen moun ki malere ak moun ki pa gen kote pou yo rete lakay nou,
Pou n bay moun ki pa gen rad la rad pou l mete lè nou wè l+,
E pou n pa vire do bay fanmi nou.
8 Konsa, limyè nou ap klere tankou lè solèy ap leve+,
E n ap refè byen vit.
Se sa ki dwat k ap devan nou,
9 N ap rele, Jewova ap reponn.
N ap rele mande sekou, l ap di nou: ‘Men mwen!’
Si nou retire jouk yo nan mitan nou,
Nou sispann lonje dwèt sou moun* e nou sispann pale moun mal+,
10 Si nou bay moun ki grangou bagay nou menm nou renmen*+,
E si nou ede moun y ap fè soufri yo*,
Lè sa a, limyè nou ap klere menm nan fènwa,
E lannuit ap klere tankou gwo midi pou nou+.
11 Jewova ap toujou gide nou,
E l ap ban nou* sa nou bezwen menm nan yon tè ki sèch+,
L ap fè zo nou vin solid,
E n ap vin tankou yon jaden ki byen wouze+,
Tankou yon sous ki pa janm seche.
12 Y ap rebati kote ki te devaste nan tan lontan yo pou nou+,
E n ap repare fondasyon ki te kraze depi plizyè jenerasyon yo+.
Y ap rele nou moun k ap repare miray ki kraze*+,
Moun k ap ranje wout nan zòn pou moun rete yo.
13 Si nou sispann* regle zafè pa nou* nan jou ki apa pou mwen an poutèt se jou saba+,
E si nou di jou saba a se yon jou ki bay anpil kè kontan, yon jou ki sakre pou Jewova, yon jou pou moun bay anpil valè+,
E si nou ba l valè olye nou regle zafè pa nou e nou ret ap pale pawòl ki pa gen enpòtans,
14 Enben, se grasa mwen menm, Jewova, n ap jwenn tout plezi nou,
E m ap fè nou monte kote ki byen wo sou tè a+.
M ap fè nou manje nan* eritaj Jakòb, zansèt nou an+,
Paske, se Jewova ki di sa ak bouch li.”