Ezayi
27 Jou sa a, Jewova ap sèvi ak gwo epe l la ki byen file e ki bay laperèz+
Pou l touye Levyatan*, sèpan ki rapid la,
Sèpan ki konn fofile a.
L ap touye gwo bèt ki nan lanmè a.
3 Se mwen menm, Jewova, k ap pwoteje l+.
Mwen wouze l toutan+.
Mwen pwoteje l lajounen kou lannuit
Pou pèsonn pa fè l anyen ki mal+.
4 Mwen pa fache sou li ankò+.
Si yon moun met pikan ak move zèb devan m,
M ap mache sou yo, m ap boule yo tout ansanm e m ap batay ak moun sa a.
5 Si l pa vle sa rive, se pou l vin nan fò mwen an
Pou l fè lapè avè m.
Wi, se pou l fè lapè avè m.”
6 Nan jou k ap vini yo, Jakòb ap pouse rasin e l ap vin djanm tankou yon pyebwa.
Izrayèl ap tankou yon pyebwa ki fin grandi e ki chaje ak flè+.
Y ap bay fwi sou tout tè a+.
7 Èske yo dwe bat nasyon Izrayèl la rèd konsa?
Èske yo dwe touye l jan y ap touye l la?
8 W ap fè yon gwo rèl lè w ap diskite avè l pou w voye l ale.
W ap voye l ale ak yon gwo van ki tankou van lès k ap soufle+.
9 Se konsa Jakòb ap jwenn padon pou bagay mal li fè yo+,
E men sa l ap jwenn kòm rezilta lè yo efase peche l yo:
Bondye ap fè tout wòch lotèl la
Vin tankou wòch kalkè yo fè tounen poud,
E pap ret ni poto sakre ki fèt an bwa* ni lotèl kote yo boule lansan+.
10 Paske, vil ki byen pwoteje a pap ret moun ladan l.
Y ap bliye kote yo konn gade bèt yo e y ap abandone yo tankou yon dezè+.
Se la ti bèf yo ap manje zèb, se la y ap kouche
E se la y ap manje branch bwa li genyen yo+.
11 Lè branch li yo fin sèch nèt,
Gen medam k ap vin kase yo,
Y ap fè dife avè yo.
Paske, pèp sa a san konprann+.
Se poutèt sa Kreyatè yo a pap fè yo mizèrikòd,
E Sila a ki te fè yo a pap fè yo favè+.
12 O nou menm, pèp Izrayèl, menm jan yon moun ap keyi fwi nan yon pyebwa, epi li ranmase yo youn pa youn, se konsa Jewova ap ranmase nou+, nou menm ki gaye nan zòn ki sot depi nan Rivyè* k ap koule a rive nan Ravin Ejip la+. 13 Jou sa a, y ap sonnen yon gwo kout twonpèt+, e moun ki pral mouri nan peyi Asiri yo+ ak moun ki te gaye nan peyi Ejip yo+ ap vin bese byen ba devan Jewova nan mòn ki sakre a, nan Jerizalèm+.