BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Detewonòm — Sa ki gen nan liv sa a

      • Alyans Jewova fè nan Orèb (1-5)

      • Yo repete Dis Kòmandman yo ankò (6-22)

      • Laperèz anvayi pèp la anba Mòn Sinayi (23-33)

Detewonòm 5:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 19:5; Eb 9:19, 20

Detewonòm 5:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 19:9, 18; Tr 7:38

Detewonòm 5:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:19; Ga 3:19
  • +Eg 19:16

Detewonòm 5:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 13:3; 20:2

Detewonòm 5:7

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “lòt dye pou nou defye m”. Lit.: “lòt dye devan figi m”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:3-6; 2Wa 17:35

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/7/2012, p. 31

Detewonòm 5:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:1; Dt 4:15, 16, 23; 27:15; Tr 17:29

Detewonòm 5:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:24; 1Ko 10:14
  • +Eg 34:14; Dt 4:24; Eza 42:8; Mt 4:10
  • +Eg 34:6, 7

Detewonòm 5:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon bonte ki gen lanmou”.

Detewonòm 5:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:28; Le 19:12
  • +Eg 20:7; Le 24:16

Detewonòm 5:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 16:23; 20:8-10; 31:13

Detewonòm 5:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 34:21

Detewonòm 5:14

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pòtay”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 16:29
  • +Ne 13:15
  • +Eg 23:12
  • +Dt 10:17; Efe 6:9

Detewonòm 5:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 6:6; Dt 4:34

Detewonòm 5:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 21:15; Le 19:3; Dt 27:16; Pw 1:8; Mk 7:10
  • +Eg 20:12; Efe 6:2, 3

Detewonòm 5:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 9:6; Eg 20:13; Nb 35:20, 21; Mt 5:21; Wm 13:9

Detewonòm 5:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:14; 1Ko 6:18; Eb 13:4

Detewonòm 5:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:15; Le 19:11; Pw 30:8, 9; 1Ko 6:10; Efe 4:28

Detewonòm 5:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:16; 23:1; Le 19:16; Dt 19:16-19; Pw 6:16, 19; 19:5

Detewonòm 5:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mt 5:28
  • +Eg 20:17; Lk 12:15; Wm 7:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    2/2019, p. 21-22

    Toudegad,

    15/5/2012, p. 7

Detewonòm 5:22

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pawòl”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 19:9, 18
  • +Eg 24:12; 31:18; Dt 4:12, 13

Detewonòm 5:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:18; Eb 12:18, 19

Detewonòm 5:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 24:17
  • +Dt 4:33, 36

Detewonòm 5:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:19; Eb 12:18, 19

Detewonòm 5:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 18:16, 17

Detewonòm 5:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 10:12; Jb 28:28; Pw 1:7; Mt 10:28; 1P 2:17
  • +Pw 4:4; 7:2; Ekl 12:13; Eza 48:18; 1J 5:3
  • +Sm 19:8, 11; Jk 1:25

Detewonòm 5:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 6:3, 25; 8:1
  • +Dt 12:32; Joz 1:7, 8

Detewonòm 5:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 10:12
  • +Dt 4:40; 12:28; Wm 10:5

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Det. 5:2Eg 19:5; Eb 9:19, 20
Det. 5:4Eg 19:9, 18; Tr 7:38
Det. 5:5Eg 20:19; Ga 3:19
Det. 5:5Eg 19:16
Det. 5:6Eg 13:3; 20:2
Det. 5:7Eg 20:3-6; 2Wa 17:35
Det. 5:8Le 26:1; Dt 4:15, 16, 23; 27:15; Tr 17:29
Det. 5:9Eg 23:24; 1Ko 10:14
Det. 5:9Eg 34:14; Dt 4:24; Eza 42:8; Mt 4:10
Det. 5:9Eg 34:6, 7
Det. 5:11Eg 22:28; Le 19:12
Det. 5:11Eg 20:7; Le 24:16
Det. 5:12Eg 16:23; 20:8-10; 31:13
Det. 5:13Eg 34:21
Det. 5:14Eg 16:29
Det. 5:14Ne 13:15
Det. 5:14Eg 23:12
Det. 5:14Dt 10:17; Efe 6:9
Det. 5:15Eg 6:6; Dt 4:34
Det. 5:16Eg 21:15; Le 19:3; Dt 27:16; Pw 1:8; Mk 7:10
Det. 5:16Eg 20:12; Efe 6:2, 3
Det. 5:17Jen 9:6; Eg 20:13; Nb 35:20, 21; Mt 5:21; Wm 13:9
Det. 5:18Eg 20:14; 1Ko 6:18; Eb 13:4
Det. 5:19Eg 20:15; Le 19:11; Pw 30:8, 9; 1Ko 6:10; Efe 4:28
Det. 5:20Eg 20:16; 23:1; Le 19:16; Dt 19:16-19; Pw 6:16, 19; 19:5
Det. 5:21Mt 5:28
Det. 5:21Eg 20:17; Lk 12:15; Wm 7:7
Det. 5:22Eg 19:9, 18
Det. 5:22Eg 24:12; 31:18; Dt 4:12, 13
Det. 5:23Eg 20:18; Eb 12:18, 19
Det. 5:24Eg 24:17
Det. 5:24Dt 4:33, 36
Det. 5:27Eg 20:19; Eb 12:18, 19
Det. 5:28Dt 18:16, 17
Det. 5:29Dt 10:12; Jb 28:28; Pw 1:7; Mt 10:28; 1P 2:17
Det. 5:29Pw 4:4; 7:2; Ekl 12:13; Eza 48:18; 1J 5:3
Det. 5:29Sm 19:8, 11; Jk 1:25
Det. 5:32Dt 6:3, 25; 8:1
Det. 5:32Dt 12:32; Joz 1:7, 8
Det. 5:33Dt 10:12
Det. 5:33Dt 4:40; 12:28; Wm 10:5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Detewonòm 5:1-33

Detewonòm

5 Apre sa, Moyiz fè rasanble tout pèp la e li di yo: “O Izrayèl, koute kòmandman ak lwa m ap fè nou konnen jodi a. Nou dwe aprann yo e nou dwe byen suiv yo. 2 Jewova, Bondye nou an, te fè yon alyans avèk nou nan Orèb+. 3 Se pa avèk zansèt nou yo Jewova te fè alyans sa a, men se avèk nou tout ki vivan isit la jodi a. 4 Jewova te pale avèk nou fasafas sou mòn nan, nan mitan dife a+. 5 Nan moman sa a, mwen te kanpe ant Jewova avèk nou+ pou m te ka fè nou konnen tout sa Jewova di, paske nou te pè dife a e nou pa t monte sou mòn nan+. Men sa l te di:

6 “‘Mwen se Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan esklavaj nan peyi Ejip+. 7 Nou pa dwe janm gen okenn lòt dye apa mwen menm*+.

8 “‘Nou pa dwe fè zidòl+ oubyen yon bagay ki sanble ak kèlkeswa bagay ki anwo nan syèl la oubyen ki sou tè a oubyen ki nan dlo ki sou tè a. 9 Nou pa dwe pwostène devan yo ni nou pa dwe kite moun fè nou sèvi yo+, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki mande pou moun atache avè m sèlman+, ki pini pitit ak pitit pitit moun ki rayi m yo pou bagay mal papa yo fè, rive nan twazyèm ak nan katriyèm jenerasyon+, 10 men, ki montre yon lanmou ki fidèl* pou moun ki renmen m e ki obeyi kòmandman m yo rive jis nan mil jenerasyon.

11 “‘Nou pa dwe mal sèvi+ ak non Jewova, Bondye nou an, paske Jewova pap manke pa pini nenpòt moun ki mal sèvi+ ak non l.

12 “‘Se pou nou obsève jou saba a, se pou nou konsidere l kòm yon jou ki sakre, jan Jewova, Bondye nou an, te mande nou sa a+. 13 Nou dwe fè tout travay nou gen pou n fè nan sis jou+. 14 Men, setyèm jou a se yon jou saba pou Jewova, Bondye nou an+. Nou pa dwe fè okenn travay+, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni gason ki esklav nou, ni fi ki esklav nou, ni towo bèf nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèt nou genyen lakay nou, ni etranje k ap viv nan vil*+ nou yo, yon fason pou gason ki esklav nou yo ak fi ki esklav nou yo ka repoze menm jan ak nou+. 15 Nou dwe sonje nou te esklav nan peyi Ejip, e Jewova, Bondye nou an, te sèvi ak fòs ponyèt li pou l fè nou soti nan peyi sa a+. Se sa k fè Jewova te ban nou lòd pou nou obsève jou saba a.

16 “‘Onore papa nou ak manman nou+ jan Jewova, Bondye nou an, te mande nou sa a, pou n ka viv lontan e pou tout bagay ka mache byen pou nou nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an+.

17 “‘Nou pa dwe asasinen moun+.

18 “‘Nou pa dwe fè adiltè+.

19 “‘Nou pa dwe vòlè+.

20 “‘Nou pa dwe bay manti lè n ap sèvi kòm temwen kont pwochen nou+.

21 “‘Nou pa dwe gen tanta sou madanm pwochen nou+. Nou pa dwe gen tanta sou kay pwochen nou, ni sou jaden l, ni sou gason ki esklav li oswa sou fi ki esklav li, ni sou towo bèf li, ni sou bourik li, ni sou kèlkeswa bagay ki pou pwochen nou+.’

22 “Jewova te ban nou kòmandman* sa yo pandan nou te rasanble devan mòn nan, pandan li te nan dife a, nan nyaj pwès ki te tou nwa a+. Li te pale byen fò, e li pa t di anyen ankò. Apre sa, li te ekri yo sou de wòch plat e li te ban mwen yo+.

23 “Men, kou nou te tande vwa ki t ap pale nan nyaj ki te tou nwa a, pandan te gen dife nan mòn nan+, tout chèf tribi nou yo ak tout ansyen nou yo te vin kote m. 24 Men sa nou te di m: ‘Jewova, Bondye nou an, te montre nou jan li gen glwa ak pisans, e nou te tande vwa l nan dife a+. Jodi a, nou wè Bondye ka pale avèk yon moun epi moun nan ka kontinye viv+ apre sa. 25 Men, nou pa anvi mouri. Gwo dife sa a ka kankannen nou. Si nou kontinye tande vwa Jewova, Bondye nou an, se sèten n ap mouri. 26 Kiyès moun ki janm tande vwa Bondye vivan an k ap pale nan mitan dife jan nou te tande l la e ki kontinye viv apre sa? 27 Pito se ou menm k al koute tout sa Jewova, Bondye nou an, gen pou l di. Apre sa, w a vin di nou tout sa Jewova, Bondye nou an, di w, e nou menm n a koute w epi n a fè tout sa w di nou+.’

28 “Lè Jewova te tande sa nou te di m yo, Jewova te di m: ‘Mwen te tande sa pèp la te di w yo, e yo byen pale+. 29 Ala bon sa t ap bon si kè yo ta toujou pouse yo gen lakrentif+ pou mwen e si l ta fè yo obeyi tout kòmandman+ m yo! Lè sa a, tout bagay t ap toujou mache byen pou yo e pou pitit yo+. 30 Men sa pou w al di yo: “Retounen nan tant nou.” 31 Men, ou menm, se pou w rete la avèk mwen pou m ka ba w tout kòmandman, tout lòd ak lwa ou dwe fè yo konnen yo, pou yo ka obeyi yo nan peyi m ap ba yo kòm byen pa yo a.’ 32 Se pou nou veye pou nou fè egzakteman sa Jewova, Bondye nou an, ban nou lòd pou nou fè+. Nou pa dwe fè ni adwat ni agoch+. 33 Se pou nou mache nan chemen Jewova, Bondye nou an, ban nou lòd pou n mache a+, yon fason pou nou ka viv nan peyi nou pral pran kòm byen pa nou an, pou tout bagay ka mache byen pou nou ladan l e pou nou ka rete lontan nan peyi a+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje