Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou gitit*. Yon chante Asaf te ekri+.
81 Rele Bondye nou an, fòs nou an, ak kè kontan+.
Se pou nou rele Bondye Jakòb la ak kè kontan.
2 Kòmanse mizik la, pran yon tanbouren,
Pran hap* la ansanm ak yon lòt enstriman akòd.
3 Sonnen kòn nan nan nouvèl lin yo+,
Lè lalin nan plenn ak lè jou fèt nou yo+,
4 Paske, se yon dekrè pou Izrayèl,
Se yon lwa Bondye Jakòb la bay+.
5 Li te bay Jozèf li kòm rapèl+
Lè L te soti kont peyi Ejip la+.
Mwen te tande yon vwa* mwen pa t rekonèt ki te di:
6 “Mwen te retire chay lou a sou zepòl li+.
Mwen te retire pànye a nan men l.
7 Lè w te nan pwoblèm, ou te rele m e m te sove w+.
8 Koute sa, pèp mwen an, m ap bay temwayaj kont nou.
O Izrayèl, si nou te annik koute m sèlman+.
9 Pa dwe gen lòt dye pami nou,
E nou pa dwe pwostène devan lòt dye+.
10 Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w,
Se mwen menm ki te fè w soti nan peyi Ejip+.
Ouvri bouch ou e m ap ba w manje jis vant ou plen+.
11 Men, pèp mwen an pa t koute vwa m,
Izrayèl pa t vle obeyi m+.
13 Si pèp mwen an te annik koute m sèlman+,
Si Izrayèl te annik mache nan chemen m yo+,
14 Mwen t ap fè ènmi yo soumèt devan yo byen vit,
Mwen t ap bat tout ènmi yo genyen yo+.
15 Moun ki rayi Jewova yo ap tranble devan l,
E sa k ap rive yo a se ap pou toutan.