Jeremi
8 Men sa Jewova di: “Nan epòk sa a, y ap retire zosman wa Jida yo nan tonm yo ansanm ak zosman chèf yo, prèt yo, pwofèt yo ak moun Jerizalèm yo. 2 Zosman yo ap gaye atè a devan solèy la, lalin nan e devan tout bagay ki nan syèl la, bagay yo te renmen, yo te konn adore, yo t ap suiv, yo t ap mande yo sa pou yo fè e yo t ap pwostène devan yo+. Yo pap ranmase zosman sa yo, ni yo pap antere yo. Y ap tounen fimye atè a+.”
3 “Rès moun ki chape nan ras moun mechan sa yo ap chwazi lanmò olye yo chwazi lavi kèlkeswa kote mwen gaye yo.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.
4 “E men sa pou w di yo: ‘Jewova di:
“Èske y ap tonbe san yo pa leve ankò?
Si gen youn ki tounen, èske lòt la pap tounen tou?
5 Poukisa moun Jerizalèm yo kontinye montre yo pa fidèl konsa a?
Yo kenbe la nan bay manti.
Yo refize kase tèt tounen+.
6 Mwen te kontinye ap koute yo, men fason yo t ap pale a pa t bon.
Pa gen yon moun ki te repanti akoz mechanste yo t ap fè yo, pa gen youn ki te di tèt li: ‘Sa m ap fè konsa a+?’
Yo tout kontinye ap fè sa lòt moun ap fè, tankou cheval k ap galope antre nan yon batay.
7 Menm sigòy yo konnen ki lè pou yo vwayaje*.
Toutrèl la, ziwondèl la ak lòt zwazo konnen ki lè pou yo retounen*.
Men, pèp mwen an pa konprann jijman Jewova yo+.”’
8 ‘Ki jan nou fè di: “Nou saj e nou gen lwa* Jewova yo”?
Paske, sèl sa moun* k ap kopye lalwa yo fè ak plim yo+ se ekri manti.
9 Lawont tonbe sou moun ki saj yo+.
Yo pè anpil e yo gen pou yo kenbe yo.
Gade, yo meprize pawòl Jewova yo.
Epi, ki sajès yo genyen?
10 Se sa k fè m ap bay lòt gason madanm yo.
M ap bay lòt moun tè yo genyen yo+.
Yo tout, jèn kou granmoun, ap fè lajan nan move kondisyon+.
Menm pwofèt yo ak prèt yo lage kò yo nan fè magouy+.
11 Mete sou sa, y ap eseye geri maleng pèp mwen an, pitit fi m nan, vaykevay lè yo di yo:
“Gen lapè! Gen lapè!”,
Alòske pa gen lapè vre+.
12 Èske yo santi yo wont pou vye bagay yo fè yo?
Now, yo pa santi yo wont menm.
Yo pa menm konn sa k rele wont lan+.
Se sa k fè yo gen pou yo tonbe pami moun k ap tonbe yo.
Lè m pini yo, se sèten y ap kilbite+.’ Se sa Jewova di.
13 ‘Lè m rasanble yo, m ap elimine yo.’ Se sa Jewova di.
‘Pap gen grap rezen k ap rete sou pye rezen yo, pap gen fig frans k ap rete sou pye fig frans yo, mete sou sa, fèy yo ap fennen.
E sa mwen te ba yo a, y ap pèdi l.’”
14 “Poukisa nou ret chita la a?
Annou reyini epi annou antre nan vil ki byen pwoteje yo+ pou nou mouri ladan yo.
Paske, Jewova, Bondye nou an, ap detwi nou.
Jewova ban nou dlo ki gen pwazon pou nou bwè+,
Paske nou peche kont li.
15 Nou te espere ap gen lapè, men pa gen anyen ki bon ki rive.
Nou te espere n ap geri, men se laperèz ki anvayi nou+.
16 Nou tande souf cheval yo nan Dann.
Lè nou te tande cheval yo k ap ranni,
Tout peyi a te pran tranble.
Ènmi an vini e li detwi peyi a ak tout sa ki ladan l.
Li detwi vil la ak tout moun ki abite ladan l yo.”
17 “Paske, m ap voye sèpan nan mitan nou,
Sèpan nou pa ka chame e ki gen pwazon nan bouch yo.
E yo pap manke pa mòde nou.” Se sa Jewova di.
18 Anyen pa ka soulaje lapenn mwen.
Kè m ap dechire.
19 Mwen tande vwa pèp mwen an, pitit fi m nan,
K ap rele osekou pandan l nan yon peyi ki byen lwen. L ap di:
“Èske Jewova pa nan Siyon?
Oubyen èske wa a pa nan Siyon?”
“Poukisa yo te fè m fache nan sèvi zidòl,
Nan sèvi fo dye ki pa gen valè yo?”
20 “Sezon rekòt la pase, sezon ete a fini,
Men nou pa jwenn delivrans!”
21 Sa fè m mal lè m wè jan pèp mwen an, pitit fi m nan, nan yon move eta+.
Mwen nan lapenn.
Laperèz anvayi m.