Jeremi
12 O Jewova, ou montre ou jis+ lè m depoze plent mwen devan w,
Lè m pale avè w de bagay ki gen rapò ak lajistis.
Men, poukisa moun ki mechan yo reyisi nan sa y ap fè+?
Poukisa moun ki trèt yo pa gen okenn pwoblèm?
2 Ou plante yo e yo pran rasin.
Yo grandi e yo donnen.
Yo pale de ou, men, yo pa sou bò w vre, ou pa nan panse* yo+.
3 Men, o Jewova, ou konnen m byen+, ou wè m,
Ou egzamine kè m e w wè mwen atache avè w+.
Mete yo apa tankou mouton yo met apa pou yo touye,
Mete yo apa pou jou y ap touye yo a.
4 Pandan konbyen tan ankò peyi a ap ret nan sechrès+?
Pandan konbyen tan ankò plant ki nan savann yo ap rete tou fennen?
Akoz mechanste moun ki abite nan peyi a,
Bèt yo ak zwazo yo disparèt.
Paske, moun yo di: “Li pa wè sa k pral rive nou.”
5 Si w bouke lè w ap kouri ak moun ki apye,
Ki jan w pral fè fè kous ak cheval+?
Ou santi w an sekirite nan yon peyi ki gen lapè.
Men, ki sa w ap fè lè w nan mitan raje ki bò Rivyè Jouden an?
6 Paske, menm frè w yo, ki leve lakay papa w,
Aji an trèt avèk ou+.
Yo tout ap rele byen fò dèyè w.
Pa met konfyans ou nan yo,
Menm lè y ap pale byen avè w.
8 Eritaj mwen an aji avè m tankou yon lyon ki nan yon rakbwa.
Li gwonde sou mwen.
Se sa k fè mwen vin rayi l.
9 Nan je m, eritaj mwen an vin tankou yon zwazo tout koulè* ki konn chase.
Lòt zwazo ki konn chase yo antoure l e yo atake l+.
Vini non, nou tout bèt ki nan savann yo,
Rasanble ansanm pou nou ka manje+.
10 Gen yon pakèt bèje ki detwi jaden rezen m nan+.
Yo pilonnen pòsyon tè m nan+.
Yo fè pòsyon tè m te renmen anpil la tounen yon kote ki pa gen moun ki ret ladan l.
11 Li tounen yon dezè.
Li tounen yon zòn ki sèk*.
Li tounen yon kote ki pa gen moun ki ret ladan l+.
Se tout peyi a ki tounen yon dezè,
Men, sa pa di pèsonn anyen+.
12 Moun ki detwi l yo te soti nan tout vye ti wout ki nan dezè a.
Paske, epe Jewova a devore moun nan peyi a, soti nan yon bout nan peyi a rive nan lòt la+.
Pèsonn* pa ka viv anpè.
13 Yo simen ble, men, yo rekòlte pikan+.
Yo kraze kò yo ap travay, men sa pa itil yo anyen.
Y ap wont rekòt la,
Paske Jewova an kòlè anpil kont yo.”
14 Men sa Jewova di: “Kanta pou vwazen m yo ki mechan, ki manyen eritaj mwen bay pèp mwen an+, m ap derasinen yo nan peyi yo+ e m ap derasinen moun Jida yo nan mitan yo. 15 Men, apre m fin derasinen yo, m ap retounen fè yo mizèrikòd e m ap fè yo chak tounen nan eritaj pa yo nan peyi yo.”
16 “Mete sou sa, si yo aprann nan men pèp mwen an e yo vin ap fè sèman nan non m, pou yo di: ‘Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman’, menm jan yo te aprann pèp mwen an fè sèman nan non Baal, lè sa a, y ap jwenn plas yo nan mitan pèp mwen an. 17 Men, si gen youn nan nasyon sa yo ki ta refize obeyi m, m ap derasinen l nèt e m ap detwi l.” Se sa Jewova di+.