Jeremi
23 “Malè pou bèje k ap fini ak mouton ki nan patiraj mwen yo e k ap gaye yo!” Se sa Jewova di+.
2 Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di kont bèje k ap pran swen pèp li a: “Nou gaye mouton m yo. Nou kontinye ap gaye yo toupatou e nou pa veye sou yo+.”
“Akoz move bagay n ap fè yo, m ap regle ak nou.” Se sa Jewova di.
3 “Epi m ap rasanble rès mouton mwen genyen ki rete yo. M ap fè yo soti nan tout peyi mwen te gaye yo+, e m ap mennen yo tounen nan patiraj yo+. Y ap fè pitit e y ap vin anpil+. 4 M ap ba yo bèje k ap pran swen yo toutbonvre+. Yo pap pè ankò, yo pap panike ankò e pa gen youn k ap manke.” Se sa Jewova di.
5 “Tande sa! Gen yon lè k ap vini”, se sa Jewova di, “kote m ap fè yon boujon* soti nan David, e boujon sa a ap renmen sa ki dwat+. Wi, gen yon wa ki pral dirije+ k ap montre li gen bon konprann, k ap fè sa ki dwat e k ap fè moun jwenn jistis nan peyi a+. 6 Nan epòk li a, Jida ap jwenn delivrans+ e Izrayèl ap viv ak kè poze+. Men ki non y ap ba li: Se Jewova ki fè nou jis+.”
7 “Men, gen jou k ap vini”, se sa Jewova di, “kote y ap sispann di: ‘Menm jan li klè Jewova vivan, li menm ki te fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Ejip+!’ 8 Men, y ap di pito: ‘Menm jan li klè Jewova vivan, li menm ki te fè desandan Izrayèl yo soti nan peyi ki nan nò a e nan tout peyi kote l te gaye yo.’ Mete sou sa, y ap rete nan pwòp peyi yo+.”
9 Kanta pou pwofèt yo,
Yo fè kè m ap dechire,
Yo fè tout zo m ap tranble.
Mwen tankou yon moun ki sou,
Tankou yon moun diven fè sou,
Akoz Jewova e akoz pawòl li yo ki sen.
10 Paske, peyi a chaje ak moun k ap fè adiltè+.
Akoz malediksyon an, peyi a nan lapenn+,
E patiraj ki nan savann nan fin seche nèt+.
Y ap fè mechanste e y ap sèvi ak pouvwa yo genyen pou yo fè moun abi.
11 “Ni pwofèt yo, ni prèt yo pa bon*+.
Mwen wè yo k ap fè mechanste menm nan kay mwen an+.” Se sa Jewova di.
12 “Se sa k fè chemen yo pran an ap vin glise e l ap fè nwa+.
Y ap pouse yo e y ap tonbe.
Paske, m ap lage yon malè sou yo
Lè jou a rive pou yo peye pou sa yo fè yo.” Se sa Jewova di.
13 “Mwen wè yon bagay pwofèt Samari yo+ ap fè ki bay degoutans.
Y ap pwofetize, men se pou Baal.
E yo fè Izrayèl, pèp mwen an, pèdi wout li.
14 Mwen wè kèk bagay pwofèt Jerizalèm yo ap fè ki grav tou.
Y ap fè adiltè+ e y ap bay manti+.
Yo ankouraje moun k ap fè sa ki mal yo,
E yo menm yo pa sispann fè sa ki mal.
Pou mwen, yo tout tankou Sodòm+,
E moun ki abite nan vil la tankou Gomò+.”
15 Se sa k fè, men sa Jewova, Chèf lame yo, di konsènan pwofèt yo:
“M ap fè yo manje yon plant ki anmè,
E m ap ba yo bwè dlo ki anpwazonnen+.
Paske, pwofèt Jerizalèm yo fè moun nan tout peyi a vire do bay Bondye.”
16 Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:
“Pa koute pwofèt k ap pwofetize ban nou yo+.
Se nan erè y ap mete nou*.
Y ap pale de vizyon ki soti nan pwòp kè yo+.
Sa y ap di yo pa soti nan bouch Jewova+.
17 Yo kontinye ap di moun ki pa gen respè pou mwen yo:
‘Jewova di: “N ap gen lapè+.”’
Yo di moun ki kontinye ap fè tèt di e k ap suiv lide yo gen nan kè yo:
‘Anyen mal pap rive nou+.’
18 Kiyès ki kanpe nan mitan moun ki pwòch Jewova yo
Pou yo tande pawòl li e pou yo ka konprann li?
Kiyès ki enterese nan pawòl li yo e ki koute yo?
19 Tande sa, van tanpèt Jewova a gen pou l dechennen.
L ap desann sou tèt mechan yo tankou yon toubiyon+.
20 Gwo kòlè Jewova a pap sispann
Toutotan l pa fè sa li gen nan kè l la.
N ap konprann sa byen nan dènye jou yo.
21 Mwen pa t voye pwofèt yo, men yo te kouri pran devan.
Mwen pa t pale avèk yo, men yo te pwofetize+.
22 Si yo te fè pati moun ki pwòch mwen yo,
Yo t ap fè pèp mwen an tande pawòl mwen,
Yo t ap fè yo kite move chemen yo pran yo, wi, yo t ap fè yo sispann fè bagay mal y ap fè yo+.”
23 “Èske se bagay ki toupre sèlman mwen wè, èske m pa wè bagay ki byen lwen tou?” Se sa Jewova di.
24 “Èske yon moun kapab kache yon kote pou m pa ka wè l+?” Se sa Jewova di.
“Èske mwen pa wè tout bagay ki nan syèl la e ki sou tè a+?” Se sa Jewova di.
25 “Mwen tande pwofèt yo k ap bay manti lè y ap pwofetize nan non m. Y ap di: ‘Mwen fè yon rèv! Mwen fè yon rèv+!’ 26 Pandan konbyen tan zafè bay manti a ap rete nan kè pwofèt yo? Yo se pwofèt k ap bay manti ki sot nan kè yo+. 27 Yo vle fè pèp mwen an bliye non m avèk bann rèv youn ap plede rakonte lòt yo, menm jan ak zansèt yo ki te bliye non m akoz yo t ap sèvi Baal+. 28 Se pou pwofèt ki fè rèv yo rakonte rèv yo, men, se pou moun ki resevwa yon mesaj nan men m bay mesaj la jan l ye a.”
“Ki sa pay la gen pou l wè ak grenn nan?” Se sa Jewova di.
29 “Èske pawòl mwen pa tankou yon dife+?” Se sa Jewova di. “Èske l pa tankou yon gwo mato k ap kraze mas wòch fè miyèt moso+?”
30 “Se sa k fè, mwen kont sa pwofèt yo ap fè yo,” se sa Jewova di, “yo menm ki tòde pawòl mwen pou yo di moun sa k nan lide yo+.”
31 “Mwen kont sa pwofèt yo ap fè yo,” se sa Jewova di, “pwofèt k ap sèvi ak lang yo pou yo di: ‘Men sa Bondye di+!’”
32 “Mwen kont pwofèt k ap fè rèv ki chaje manti yo,” se sa Jewova di, “pwofèt k ap rakonte pèp mwen an rèv sa yo e k ap fè l pèdi wout li akoz manti y ap bay yo e akoz y ap vante tèt yo+.”
“Mwen pa t voye yo, ni mwen pa t ba yo okenn lòd. Se sa k fè yo pap ka fè anyen ki bon pou pèp sa a+.” Se sa Jewova di.
33 “Lè pèp la oubyen yon pwofèt oswa yon prèt di w: ‘Mesaj Jewova a se yon chay’, men sa pou w reponn yo: ‘“Se nou menm ki chay la, e m gen pou m voye nou jete+.” Se sa Jewova di.’ 34 Kanta pou pwofèt, prèt oswa moun nan pèp la ki ta di: ‘Mesaj Jewova a se yon chay’, m ap pini ni moun sa a, ni moun lakay li. 35 Men sa nou chak nou kontinye ap di pwochen nou oswa frè nou: ‘Ki repons Jewova bay? Ki sa Jewova di?’ 36 Sispann di mesaj Jewova a se yon chay, paske se pawòl nou chak ap di yo ki chay la. Nou chanje pawòl Jewova, Chèf lame yo, Bondye vivan an, ki se Bondye nou.
37 “Men sa w ap di pwofèt la: ‘Ki repons Jewova ba ou? Ki sa Jewova di? 38 Kòm nou kontinye di: “Mesaj Jewova a se yon chay”, enben, tande sa Jewova di: “Piske n ap plede di: ‘Mesaj Jewova a se yon chay’, alòske m di nou pou n pa di: ‘Mesaj Jewova a se yon chay’, 39 m ap leve nou anlè e m ap voye nou jete byen lwen m, ni nou menm, ni vil sa a mwen te bay nou menm ak zansèt nou yo. 40 M ap fè nou wont pou toutan e m ap imilye nou pou toutan, e pèsonn pap janm bliye sa+.”’”