Ezayi
34 Nou menm nasyon, pwoche pou nou tande.
E nou menm pèp, se pou nou byen koute.
Se pou tè a ak tout sa li gen ladan l koute,
Wi, tè a ak tout sa k ap viv sou li.
2 Paske, Jewova fache anpil kont tout nasyon yo+
E li an kòlè kont tout lame yo genyen yo+.
L ap detwi yo.
L ap touye yo+.
3 Kadav yo ap ret blayi atè,
E move sant kadav yo ap monte+.
4 Tout lame nan syèl la ap pouri,
E y ap woule syèl la tankou yon woulo yo fin li ladan l.
Tout lame ki ladan l lan ap tonbe,
Tankou fèy sèch k ap sot nan pye rezen tonbe atè
E tankou fig frans chode ki sot sou pye tonbe atè.
5 “Paske, epe m nan ki nan syèl la ap benyen ak san+.
L ap desann sou Edòm pou l ba l santans li+.
L ap desann sou pèp mwen deside detwi a.
6 Mwen menm, Jewova, mwen gen yon epe k ap kouvri ak san.
L ap kouvri ak grès+
Ak san jenn mal mouton yo ak kabrit yo
Ansanm ak grès ki nan grenn vant mal mouton yo.
Paske, Jewova ap fè yon sakrifis nan Bozra,
L ap touye anpil moun nan peyi Edòm+.
7 L ap vide towo bèf sovaj yo atè ansanm ak yo,
Ni ti towo bèf yo ni gwo towo bèf yo.
Peyi yo a ap plen san,
E pousyè li gen ladan l ap chaje grès.”
8 Paske, Jewova gen yon jou pou l fè vanjans+,
Yon ane pou l fè ènmi Siyon yo peye pou mal yo te fè Siyon+.
9 Rivyè l yo* ap tounen goudwon,
Pousyè ki nan peyi a ap tounen souf pou fè dife
E tè a ap vin tankou goudwon ki gen dife ladan l.
10 Dife a pap etenn lannuit kou lajounen,
Lafimen k ap sot ladan l ap kontinye monte pou toutan.
Jenerasyon apre jenerasyon, peyi a ap ret san anyen ladan l.
Pèsonn pap janm pase ladan l pou tout tan gen tan+.
11 Se pou grangozye ak pòkepik* l ap ye,
Se chwèt ak kaw k ap ret ladan l.
Bondye ap mezire peyi sa a ak fisèl
Ansanm ak filaplon* pou l montre jan l ap vin vid, e l ap detwi l.
12 Pa gen youn nan gwo potanta l yo k ap vin wa.
Tout chèf li yo ap disparèt.
13 Se pye pikan k ap pouse nan fò li genyen yo,
E se raje ak move zèb k ap pouse nan fòtrès li yo.
L ap vin tounen yon kote pou chen sovaj viv+
Ak yon kote pou otrich rete.
14 Se la bèt ki nan dezè yo ap vin rankontre ak chen k ap viv nan dezè yo,
E se la kabrit mawon* yo ap vin rele kabrit mawon parèy yo.
Wi, se la zwazo ki konn vole lannuit yo ap rete e se la y ap jwenn yon kote pou yo repoze.
15 Se la koulèv ki rapid la ap fè nich li e se la l ap ponn ze,
L ap kouve yo e l ap rasanble pitit li yo anba l.
Wi, se la malfini yo ap rasanble, yo chak ak parèy yo.
16 Chèche nan liv Jewova a epi li ladan l byen fò.
Pa gen youn nan bèt sa yo k ap manke.
Pa gen youn ladan yo ki pap gen parèy.
Paske se Jewova ki bay lòd la ak bouch li,
E se lespri l ki rasanble yo ansanm.
17 Se li menm ki fè tiraj osò pou yo,
E se li ki mezire kote li ba yo rete a ak pwòp men l*.
Kote sa a ap pou yo pou toutan.
Y ap rete ladan l jenerasyon apre jenerasyon.