BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Bondye fè Ezekyèl wè yon seri vizyon detan l Babilòn (1-3)

      • Vizyon cha selès Jewova a (4-28)

        • Gwo van, nyaj ak dife (4)

        • Kat kreyati vivan (5-14)

        • Kat wou (15-21)

        • Yon platfòm an kristal (22-24)

        • Twòn Jewova a (25-28)

Ezekyèl 1:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 24:12, 14
  • +Eze 3:15

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 23, 31-32

Ezekyèl 1:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 36:9, 10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 31-32

Ezekyèl 1:3

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di: “Bondye bay fòs”.

  • *

    Lit.: “men”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 22:25
  • +Eze 3:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 30-31, 48-49

Ezekyèl 1:4

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “zèklè”.

  • *

    Se yon melanj lò ak ajan ki klere anpil.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 19:11
  • +Eg 19:18; Sm 97:2, 3
  • +Eze 8:2

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 30

Ezekyèl 1:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 10:9, 15; Re 4:6

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 43

Ezekyèl 1:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 6:2; Eze 10:20, 21; Re 4:8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 43, 238

Ezekyèl 1:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 10:5, 6

Ezekyèl 1:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 10:11, 15

Ezekyèl 1:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 17:10; Pw 28:1
  • +Pw 14:4
  • +Eze 10:14, 15; Re 4:7
  • +Jb 39:27, 29

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 43, 238

Ezekyèl 1:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 6:2

Ezekyèl 1:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 103:20; Eb 1:7, 14

Ezekyèl 1:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 7:9, 10

Ezekyèl 1:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 10:9-13; Re 4:7

Ezekyèl 1:16

Nòt anba paj

  • *

    Petèt yo te santre youn parapò ak lòt e yo te fòme yon ang 90 degre sou menm aks la.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 36-37

Ezekyèl 1:17

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 37

Ezekyèl 1:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 15:3; Za 4:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 37

Ezekyèl 1:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 10:15-17

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 40

Ezekyèl 1:20

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “lespri kreyati vivan an”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 38-39

Ezekyèl 1:21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 38-39

Ezekyèl 1:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 10:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 38-39

Ezekyèl 1:23

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “zèl yo te ouvri byen dwat”.

Ezekyèl 1:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 29:3; Eze 43:2; Re 14:2

Ezekyèl 1:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 24:10; Sm 96:6; Eze 10:1
  • +1Wa 22:19; Sm 99:1; Eza 6:1; Re 4:2
  • +Dn 7:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 33, 39

Ezekyèl 1:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 8:2
  • +Dt 4:24; Sm 104:1, 2

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 40

    Toudegad piblik,

    no 6 2016, p. 4

Ezekyèl 1:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Re 4:3
  • +Eg 24:16, 17; Eze 8:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 40

    Toudegad piblik,

    no 6 2016, p. 4

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 1:12Wa 24:12, 14
Eze. 1:1Eze 3:15
Eze. 1:22Kw 36:9, 10
Eze. 1:3Jr 22:25
Eze. 1:3Eze 3:14
Eze. 1:41Wa 19:11
Eze. 1:4Eg 19:18; Sm 97:2, 3
Eze. 1:4Eze 8:2
Eze. 1:5Eze 10:9, 15; Re 4:6
Eze. 1:6Eza 6:2; Eze 10:20, 21; Re 4:8
Eze. 1:7Dn 10:5, 6
Eze. 1:9Eze 10:11, 15
Eze. 1:102Sa 17:10; Pw 28:1
Eze. 1:10Pw 14:4
Eze. 1:10Eze 10:14, 15; Re 4:7
Eze. 1:10Jb 39:27, 29
Eze. 1:11Eza 6:2
Eze. 1:12Sm 103:20; Eb 1:7, 14
Eze. 1:13Dn 7:9, 10
Eze. 1:15Eze 10:9-13; Re 4:7
Eze. 1:18Pw 15:3; Za 4:10
Eze. 1:19Eze 10:15-17
Eze. 1:22Eze 10:1
Eze. 1:24Sm 29:3; Eze 43:2; Re 14:2
Eze. 1:26Eg 24:10; Sm 96:6; Eze 10:1
Eze. 1:261Wa 22:19; Sm 99:1; Eza 6:1; Re 4:2
Eze. 1:26Dn 7:9
Eze. 1:27Eze 8:2
Eze. 1:27Dt 4:24; Sm 104:1, 2
Eze. 1:28Re 4:3
Eze. 1:28Eg 24:16, 17; Eze 8:4
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 1:1-28

Ezekyèl

1 Nan 30yèm ane a, nan senkyèm jou nan katriyèm mwa a, pandan mwen te nan mitan moun ki te ann egzil+ bò kot Rivyè Keba yo+, syèl la te ouvri e Bondye te kòmanse fè m wè yon seri vizyon. 2 Nan senkyèm jou nan mwa a, nan senkyèm ane apre wa Jewoyakin t al ann egzil la+, 3 Jewova te pale avèk mwen menm, Ezekyèl*, pitit gason Bouzi, prèt la, pandan m te nan peyi moun Kalde yo+, bò kot Rivyè Keba. Pandan m te la, pisans* Jewova te vin sou mwen+.

4 Pandan m t ap gade, mwen te wè yon gwo van+ ki t ap sot nan direksyon nò, mwen te wè yon gwo nyaj ak dife* k ap flache ladan l+ e te gen yon limyè byen klere ki antoure l. Nan mitan dife a, mwen te wè yon bagay ki sanble ak lò blan*+. 5 Nan mitan bagay sa a, mwen te wè kat bagay ki sanble ak kat kreyati vivan+. Yo chak te sanble ak yon moun. 6 Yo chak te gen kat figi ak kat zèl+. 7 Pye yo te dwat, pla pye yo te sanble ak pla pye ti bèf. Pye yo te klere tankou kuiv ki byen poli+. 8 Anba chak zèl yo te gen yon men moun. Toule kat te gen figi ak zèl. 9 Zèl yo te touche youn lòt. Kreyati vivan yo pa t vire lè yo t ap deplase, yo te ale dwat devan yo+.

10 Men ki figi yo te genyen: Yo toule kat te gen yon figi moun, yon figi lyon+ sou bò dwat, yon figi towo bèf+ sou bò goch ak yon figi+ èg+. 11 Se figi sa yo yo te genyen. Zèl yo te ouvè anlè. Yo chak te gen de zèl ki te touche youn ak lòt e yo te gen de zèl ki te kouvri kò yo+.

12 Yo chak te ale dwat devan yo, yo te ale kèlkeswa kote lespri a te pouse yo ale+. Yo pa t vire lè yo t ap deplase. 13 Kreyati vivan yo te sanble ak chabon dife ki tou limen. Mete sou sa, te gen yon bagay ki te sanble ak yon dife byen klere ki limen sou yon bwa ki t ap fè ale vini nan mitan kreyati vivan yo. Epi te gen kout zèklè ki t ap soti nan dife a+. 14 Lè kreyati vivan yo t ap fè ale vini, yo te deplase tankou kout zèklè.

15 Pandan m t ap gade kreyati vivan yo, mwen te wè yon wou atè a bò kote chak kreyati vivan ki te gen kat figi yo+. 16 Wou yo te klere menm jan ak krizolit e yo toule kat te fèt menm jan. Fason yo te fèt la se te tankou yon wou ki nan mitan yon lòt wou*. 17 Lè yo t ap deplase, yo te ka ale nan nenpòt nan kat direksyon yo san yo pa t bezwen vire. 18 Jant wou yo te ka fè moun fremi tèlman yo te wo. Te gen yon pakèt je sou tout kò jant yo+. 19 Chak fwa kreyati vivan yo t ap deplase, wou yo te deplase avèk yo. Lè kreyati vivan yo te monte anlè, wou yo te monte anlè tou+. 20 Yo te ale kote lespri a te pouse yo ale, nenpòt kote lespri a te ale. Wou yo te konn monte anlè ansanm ak yo, paske, lespri ki t ap aji nan kreyati vivan yo* te nan wou yo tou. 21 Lè yo te deplase, wou yo te deplase tou. Lè yo te rete anplas, wou yo te rete anplas tou. E lè yo te monte anlè, wou yo te konn monte anlè ansanm ak yo, paske, lespri ki t ap aji nan kreyati vivan yo te nan wou yo tou.

22 Pa anlè tèt kreyati vivan yo, te gen yon bagay ki te sanble ak yon platfòm an kristal ki te enpresyonan e ki te ouvri byen laj+. 23 Anba platfòm nan, zèl yo te byen dwat* youn nan direksyon lòt. Yo chak te gen de zèl pou kouvri yon bò nan kò yo e de zèl pou kouvri lòt bò a. 24 Lè mwen te tande bri zèl yo t ap fè a, se te tankou bri yon gwo dlo k ap desann, se te tankou vwa Toupisan an+. Lè yo t ap deplase, bri yo te fè a te tankou bri yon lame. Lè yo te ret kanpe, yo te kite zèl yo pandye.

25 Te gen yon vwa pa anlè platfòm ki te anlè tèt yo a. (Lè yo te ret kanpe, yo te kite zèl yo pandye.) 26 Pa anlè platfòm ki te anlè tèt yo a, te gen yon bagay ki te sanble ak yon wòch safi+ e ki te sanble ak yon twòn+. Sila a ki te chita sou twòn nan te sanble ak yon moun+. 27 Soti nan sa k te sanble ak senti l la monte, mwen te wè yon bagay ki te klere tankou lò blan+ e ki te tankou dife. Soti nan senti l desann anba, mwen te wè yon bagay ki sanble ak dife+. Te gen yon limyè toutotou l ki t ap klere 28 e ki te tankou lakansyèl+ ki parèt nan nyaj lè gen lapli. Se konsa limyè ki t ap klere toutotou l la te ye. Li te sanble ak glwa Jewova+. Lè m te wè l, mwen te tonbe fas atè. Apre sa, mwen te kòmanse tande vwa yon moun k ap pale.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje