Jenèz
38 Prèske nan menm epòk sa a, Jida te kite frè l yo e li t al monte tant li toupre kote yon moun Adoulam ki te rele Ira te abite. 2 Se la Jida te wè pitit fi yon moun Kanaran+ ki te rele Chouwa. Li te pran l kòm madanm li, li te antre nan relasyon avè l 3 e dam nan te vin ansent. Li te fè yon pitit gason e Jida te rele l È+. 4 Epi, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason e li te rele l Onan. 5 Annapre, li te vin fè yon lòt pitit gason ankò, li te rele l Chela. Jida te nan yon zòn ki rele Akzib+ lè madanm li te fè pitit sa a.
6 Rive yon lè, Jida te chwazi yon fi pou vin madanm È, premye pitit gason l lan, e fi a te rele Tama+. 7 Men, È, premye pitit gason Jida a, te konn fè sa ki pa fè Jewova plezi. Se sa k fè Jewova te touye l. 8 Lè Jida wè sa, li di Onan: “Marye ak madanm frè w la pou w pran responsablite w antanke bòfrè, epi antre nan relasyon avè l pou w fè pitit avè l pou frè w la+.” 9 Men, Onan te konnen pitit li t ap vin genyen yo pa t ap pou li+. Se sa k fè, lè li te konn kouche ak madanm frè l la, li te ejakile atè pou l pa t fè pitit pou frè l la+. 10 Jewova te wè sa l fè a mal. Se sa k fè li te touye l tou+. 11 Lè sa a, Jida di Tama, bèlfi l la: “Al abite kay papa w antanke vèv jiskaske Chela, pitit gason m nan, vin gran.” Paske Jida t ap di tèt li: ‘Pitit gason m nan ka mouri menm jan ak frè l yo+.’ Vrèmanvre, Tama t al abite kay papa l.
12 Apre kèk tan, pitit fi Chouwa a+, madanm Jida a, mouri. Jida te fè kantite tan li te dwe pase nan lapenn pou li a. Apre sa, li t al kot moun ki t ap tonn mouton l yo nan Timna+ ansanm ak Ira, zanmi l lan, moun Adoulam nan+. 13 Epi, yo vin di Tama: “Men bòpè w ap monte Timna pou l al tonn mouton l yo.” 14 Lè l tande sa, li retire rad vèv la sou li, li mete yon vwal sou figi l e li kouvri tèt li ak yon mouchwa, epi l al chita nan antre Enayim ki sou wout Timna a. Li te fè sa paske li te wè Chela fin gran e bòpè l pa t fè l vin madanm Chela+.
15 Lè Jida wè l, menm kote a, li pran l pou yon pwostitye, paske li te kouvri figi l. 16 Se sa k fè li vire al jwenn li bò wout la e li di l: “Tanpri, pèmèt mwen antre nan relasyon avè w”, paske li pa t konnen si se te bèlfi l la+. Men, manmzèl di l: “Ki sa w ap ban m pou w ka kouche avè m?” 17 Li reponn: “M ap voye yon ti kabrit nan twoupo m nan ba ou.” Epi, manmzèl mande l: “Èske w ap ban m kenbe yon bagay jiskaske w voye l ban mwen?” 18 Li di l: “Ki sa pou m ba w kenbe?” Manmzèl reponn li: “Ban m kenbe bag ou konn poze so avè l la+ ansanm ak ti kòd ki kenbe l la ak baton ki nan men w lan.” Lè sa a, li ba l kenbe yo, li kouche avè l, epi manmzèl vin ansent pou li. 19 Apre sa, manmzèl leve l al fè wout li, li retire mouchwa ki te kouvri tèt li a e li mete rad vèv la sou li.
20 Epi, Jida voye zanmi l lan, moun Adoulam nan+, al pote ti kabrit la bay dam nan pou l ka repran sa l te ba l kenbe yo. Men, li pa t janm jwenn dam nan. 21 Li mande mesye yo nan zòn nan: “Kote pwostitye* ki te bò wout Enayim nan?” Yo reponn: “Pa t janm gen pwostitye nan zòn sa a.” 22 Alafen, li retounen kot Jida, li di l: “Mwen pa janm jwenn li. Epitou, mesye yo nan zòn nan di m: ‘Pa t janm gen pwostitye nan zòn sa a.’” 23 Lè sa a, Jida di: “Kite l pran sa m te ba l kenbe yo pou n pa fè moun pase n nan jwèt. Antouka, mwen te voye ti kabrit la bay dam nan, men ou pa t janm jwenn dam nan.”
24 Men, apre anviwon twa mwa, yo vin di Jida: “Tama, bèlfi w la, te aji tankou yon pwostitye e li vin ansent.” Lè Jida tande sa, li di: “Fè l sot deyò, touye l epi boule l+.” 25 Pandan y ap soti avè l, li voye di bòpè l: “Se pou gason ki mèt bagay sa yo mwen ansent.” Ansuit, li di: “Tanpri, gade byen pou w wè pou ki moun bagay sa yo ye: bag moun konn poze so a ansanm ak ti kòd ki kenbe l la ak baton an+.” 26 Apre Jida fin gade yo byen gade, li di: “Manmzèl pi jis pase m, paske mwen pa t fè l vin madanm Chela, pitit gason m nan+.” Epi, Jida pa t antre nan relasyon avè l ankò apre sa.
27 Lè lè a rive pou l akouche, ebyen, li te gen de pitit nan vant li. 28 Pandan li t ap akouche, gen youn nan timoun yo ki te met men l deyò. Kou fanmsaj la wè sa, menm kote a, li pran yon fil wouj, li mare l nan men timoun nan, li di: “Sa a soti anvan.” 29 Men kou l rantre men l, frè l la soti. Lè sa a, fanmsaj la di: “Se konsa w fè chemen pou w pase!” Se sa k fè yo te rele l Perès*+. 30 Apre sa, frè l la soti, li menm ki te gen fil wouj mare nan men l lan, e yo te rele l Zera+.