1 Wa
5 Lè Iram, wa Ti a+, te tande yo mete Salomon wa* nan plas David, papa Salomon, li te voye sèvitè l yo bò kote Salomon paske se zanmi David li te ye*+. 2 Salomon, bò kote pa l, te voye mesaj bay Iram, li te di l+: 3 “Ou konnen byen, David, papa m, pa t janm gen posiblite bati yon kay pou bay non Jewova, Bondye l la, glwa akoz tout gè ènmi l yo t ap fè avè l. Men, finalman, Jewova te mete tout ènmi l yo anba pye l+. 4 Kounye a, Jewova, Bondye m nan, fè tout ènmi m yo ban m lapè m+. Pa gen pèsonn ki opoze avè m e pa gen okenn bagay mal k ap fèt+. 5 Se sa k fè mwen gen entansyon bati yon kay pou bay non Jewova, Bondye m nan, glwa, jan Jewova te pwomèt papa m sa lè l te di l: ‘Se pitit gason w lan m ap mete sou twòn ou an nan plas ou e se li menm k ap bati yon kay pou bay non m glwa+.’ 6 Kounye a, bay moun nan pèp ou a lòd pou yo koupe pye sèd nan zòn Liban an+ pou mwen. Sèvitè m yo ap travay ak sèvitè pa w yo. M ap peye sèvitè w yo pri ou mande a. Ou konnen pa gen okenn moun pami nou ki konn koupe pyebwa tankou moun Sidon yo+.”
7 Lè Iram tande sa Salomon voye di l, li kontan anpil e li di: “Louwanj pou Jewova jodi a, paske li bay David yon pitit gason ki gen sajès pou dirije gwo pèp sa a*+!” 8 Apre sa, Iram voye di Salomon: “Mwen resevwa mesaj ou a, m ap fè tout sa w mande m. M ap fè w jwenn bwa sèd ak bwa jenevriye yo+. 9 Sèvitè m yo ap pote yo desann soti Liban rive jis nan lanmè a epi m ap fè yo mare yo pou yo fè yo pase sou lanmè a pou yo mennen yo kote w ap di m nan. Lè yo rive, m ap fè demare yo epi w a fè pote yo ale. Bò kote pa w, w a ban mwen manje pou moun lakay mwen+.”
10 Vrèmanvre, Iram te fè Salomon jwenn tout bwa sèd ak bwa jenevriye li te bezwen yo. 11 Salomon bò kote pa l te bay Iram 20 000 kò* ble pou moun lakay li ak 20 kò* luil doliv bon kalite. Se sa Salomon te bay Iram chak ane+. 12 Jewova te bay Salomon sajès jan li te pwomèt li sa a+. Salomon ak Iram te antann yo trè byen e yo te fè yon kontra* youn ak lòt.
13 Wa Salomon te pran gason ki te soti toupatou nan peyi Izrayèl pou yo travay. Antou, li te pran 30 000 travayè+. 14 Chak mwa, li te konn voye 10 000 travayè pou ranplase 10 000 ki te deja la ap travay yo. Yo te konn pase yon mwa nan zòn Liban an epi de mwa lakay yo. Se Adoniram+ ki te chèf travayè yo. 15 Salomon te gen 70 000 lòt gason ki te senp travayè*, li te gen 80 000 lòt travayè ki t ap taye wòch+ nan mòn yo+ 16 e li te gen 3 300 fòmann+ ki t ap sipèvize travayè yo. 17 Travayè yo te taye yon seri gwo moso wòch nan mòn yo, yon seri wòch ki te koute chè+, pou yo fè fondasyon+ kay la ak wòch taye+, e se Salomon ki te bay lòd pou yo fè sa. 18 Bòs Salomon yo, bòs Iram yo ansanm ak moun Gebal yo+ te taye wòch yo e yo te prepare bwa ak wòch pou kay la.