BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 21
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Detewonòm — Sa ki gen nan liv sa a

      • Lè yo pa konn kiyès ki touye yon moun (1-9)

      • Maryaj ak fi yo pran nan lagè (10-14)

      • Dwa premye pitit yo (15-17)

      • Yon pitit gason ki gen tèt di (18-21)

      • Yon moun yo pann sou yon poto gen malediksyon (22, 23)

Detewonòm 21:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 16:18

Detewonòm 21:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 35:33

Detewonòm 21:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 6:23-27; 1Kw 23:13
  • +Eg 28:1
  • +Dt 17:8, 9

Detewonòm 21:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 26:6; Mt 27:24

Detewonòm 21:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 7:23
  • +Eza 26:21; Jr 26:15

Detewonòm 21:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 31:9; Dt 20:13, 14

Detewonòm 21:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 20:29; Dt 34:8

Detewonòm 21:14

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “kote nanm fi a vle”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 24:1

Detewonòm 21:15

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “de madanm, youn li renmen ak youn li rayi”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 29:30, 33

Detewonòm 21:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 25:31; 2Kw 21:3

Detewonòm 21:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:12; Dt 27:16; Pw 1:8; Efe 6:1
  • +Dt 8:5; Pw 13:24; 19:18; 23:13; Eb 12:9

Detewonòm 21:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 28:7
  • +Wm 13:13; 1Ko 6:10; Efe 5:18

Detewonòm 21:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 13:10, 11

Detewonòm 21:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 25:5
  • +Joz 10:26; Tr 10:39

Detewonòm 21:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 8:29; Jan 19:31
  • +Ga 3:13
  • +Nb 35:34

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Det. 21:2Dt 16:18
Det. 21:4Nb 35:33
Det. 21:5Nb 6:23-27; 1Kw 23:13
Det. 21:5Eg 28:1
Det. 21:5Dt 17:8, 9
Det. 21:6Sm 26:6; Mt 27:24
Det. 21:82Sa 7:23
Det. 21:8Eza 26:21; Jr 26:15
Det. 21:10Nb 31:9; Dt 20:13, 14
Det. 21:13Nb 20:29; Dt 34:8
Det. 21:14Dt 24:1
Det. 21:15Jen 29:30, 33
Det. 21:17Jen 25:31; 2Kw 21:3
Det. 21:18Eg 20:12; Dt 27:16; Pw 1:8; Efe 6:1
Det. 21:18Dt 8:5; Pw 13:24; 19:18; 23:13; Eb 12:9
Det. 21:20Pw 28:7
Det. 21:20Wm 13:13; 1Ko 6:10; Efe 5:18
Det. 21:21Dt 13:10, 11
Det. 21:22Nb 25:5
Det. 21:22Joz 10:26; Tr 10:39
Det. 21:23Joz 8:29; Jan 19:31
Det. 21:23Ga 3:13
Det. 21:23Nb 35:34
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Detewonòm 21:1-23

Detewonòm

21 “Pandan nou nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm byen pa nou an, si nou jwenn yon moun yo touye nan yon savann e nou pa konn kiyès ki te touye moun sa a, 2 se pou ansyen nou yo ak jij nou yo+ soti pou y al mezire distans ki genyen ant kadav la ak vil ki toutotou kadav la. 3 Apre sa, se pou ansyen ki nan vil ki pi pre kadav la pran yon jenn gazèl bèf yo pa t janm bay fè okenn travay e yo pa t janm mete jouk sou do l, 4 e se pou yo mennen l nan yon vale ki gen kouran dlo, kote yo pa ni vire tè a, ni simen semans, e se la pou yo kase kou gazèl bèf la+.

5 “Lè sa a, Levit ki prèt yo ap pwoche devan Jewova, Bondye nou an, pou yo bay benediksyon nan non Jewova+ paske se yo li chwazi pou sèvi l+. Y ap fè konnen ki jan yo dwe rezoud kèlkeswa kont ki genyen kote te gen vyolans+. 6 Apre sa, tout ansyen nan vil ki pi pre kadav la ap lave men+ yo sou jenn gazèl bèf yo te kase kou l nan vale a, 7 epi, y ap di: ‘Se pa nou menm ki te fè san sa a koule, e je nou pa t wè lè yo t ap fè san sa a koule a. 8 O Jewova, pa rann Izrayèl, pèp ou a, responsab sa ki rive a, pèp ou te sove a+, e pa konsidere pèp la kòm koupab pou san moun inosan ki koule a+.’ Lè sa a, Bondye pap rann yo responsab pou san ki koule a. 9 Konsa, nou pap koupab pou san moun ki inosan ki koule nan mitan nou, paske n ap fè sa ki dwat nan je Jewova.

10 “Si n al fè lagè ak ènmi nou yo e Jewova, Bondye nou an, bat yo pou nou e nou pran yo kòm prizonye+, 11 si youn nan nou ta wè yon bèl fi pami prizonye yo li renmen e li vle pran l pou madanm li, 12 l ap kapab mennen l lakay li. Lè sa a, fi a dwe kale tèt li, li dwe fè zong li, 13 li dwe retire rad li te gen sou li lè nou te pran l kòm prizonye a e l ap rete lakay gason an. L ap fè yon mwa ap kriye pou papa l ak manman l+, e apre sa, gason an ap ka kouche avè l. L ap vin mari l e fi a ap vin madanm li. 14 Men, si l pa pran plezi nan fi a, se pou l kite fi a ale nenpòt kote fi a vle ale*+. Men, li pap ka vann li e li pap ka maltrete l paske se fòse li te fòse l vin madanm li.

15 “Si yon gason gen de madanm e li renmen youn plis pase lòt la*, si toule de fè yon pitit gason pou li, e se fi li renmen mwens lan ki fè premye pitit gason an pou li+, 16 lè l ap separe eritaj li ak pitit gason l yo, li pap gen dwa fè pitit gason fi li pi renmen an pase kòm premye pitit gason l alòske se pitit gason fi li renmen mwens lan ki premye pitit gason l. 17 Li dwe rekonèt se pitit gason madanm li renmen mwens lan ki premye pitit gason l lè l ba l de pòsyon nan tout sa l genyen, paske se pitit gason sa a ki sot nan ren l an premye. Se li menm ki gen dwa premye pitit yo genyen an+.

18 “Si yon gason gen yon pitit gason ki gen tèt di, ki rebèl, ki pa obeyi papa l ak manman l+, ki refize koute yo menm lè yo fè sa yo kapab pou yo korije l+, 19 papa l ak manman l dwe pran l e yo dwe mennen l devan ansyen yo nan pòtay vil yo a. 20 Men sa y ap di ansyen ki nan vil yo a: ‘Pitit gason nou sa a gen tèt di, li rebèl e li refize obeyi nou. Li se yon aloufa+ e li se yon tafyatè+.’ 21 Apre sa, tout moun ki nan vil li a ap kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri. Konsa, n ap retire sa ki mal nan mitan nou. Tout moun nan peyi Izrayèl ap tande sa e y ap pè+.

22 “Si yon moun fè yon peche ki merite pou l mouri+ e nou pann li sou yon poto+ apre nou fin touye l, 23 nou pa dwe kite kò l pase nuit lan sou poto a+. Se pou nou asire nou nou antere kò a menm jou a paske tout moun yo pann sou yon poto se moun ki gen malediksyon Bondye+. Nou pa dwe kontamine peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj pa nou an+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje