Jozye
10 Kou Adonisedèk, wa Jerizalèm nan, aprann Jozye pran Ayi e li detwi l, epi li fè Ayi ak wa l la+ menm sa l te fè Jeriko ak wa l la+, e kou l aprann jan moun Gabawon yo te fè lapè ak Izrayelit yo+ e yo t al rete ansanm avèk yo, 2 li panike anpil+, paske Gabawon se yon gwo vil tankou tout vil ki gen wa k ap dirije yo. Li pi gwo pase Ayi+, e tout mesye l yo se moun ki konn fè lagè. 3 Se sa k fè Adonisedèk, wa Jerizalèm nan, voye di Owam, wa Ebwon an+, Piram, wa Jamout lan, Jafya, wa Lakis la, ak Debi, wa Eglon an+: 4 “Vin ede m, e ann al atake Gabawon, paske moun Gabawon yo fè lapè ak Jozye ansanm ak Izrayelit yo+.” 5 Lè sa a, senk wa Amorit yo+ met tèt yo ansanm, sètadi wa Jerizalèm nan, wa Ebwon an, wa Jamout lan, wa Lakis la ak wa Eglon an, ansanm ak lame yo genyen yo, e yo mache sou Gabawon pou yo fè lagè avè l.
6 Epi, mesye Gabawon yo voye di Jozye nan kan an ki nan Gilgal+: “Pa lage* esklav ou yo+. Vini byen vit! Vin ede nou, vin pote n sekou! Tout wa Amorit yo ki nan zòn ki gen mòn nan met tèt yo ansanm pou yo atake nou.” 7 Se konsa, Jozye monte kite Gilgal ak tout mesye ki konn al nan lagè yo ak sòlda vanyan yo+.
8 Epi, Jewova di Jozye: “Pinga w pè yo+, paske mwen lage yo nan men w+. Yo youn pap ka kanpe devan w+.” 9 Jozye rive sou yo sanzatann apre l fin fè tout nuit lan ap mache sot Gilgal. 10 Jewova lage yo tout nan konfizyon devan Izrayelit yo+. Izrayelit yo touye yon bann ladan yo nan Gabawon, yo kouri dèyè yo nan wout ki monte Bètowon an e yo kontinye touye yo rive jis Azeka ak Makeda. 11 Pandan yo t ap kouri pou Izrayelit yo e yo t ap desann Bètowon, Jewova fè gwo grenn lagrèl sot nan syèl la tonbe sou yo rive jis Azeka, epi yo mouri. An reyalite, kantite moun lagrèl la te touye te plis pase sa Izrayelit yo te touye ak kout epe.
12 Jou Jewova te fè Amorit yo kouri pou Izrayelit yo, se jou sa a Jozye te pale ak Jewova devan tout pèp Izrayèl la, e li te di:
13 Se konsa, solèy la te ret la e lalin nan pa t deplase jiskaske nasyon Izrayèl la te fin pote laviktwa sou ènmi l yo. Èske bagay sa yo pa ekri nan liv Jacha a+? Solèy la te ret kanpe nan mitan syèl la e li pa t kouche pandan tout yon jou. 14 Pa t janm gen yon jou tankou jou sa a, ni anvan ni apre, kote Jewova te koute vwa yon moun nan fason sa a+, paske se Jewova ki t ap batay pou Izrayèl+.
15 Apre sa, Jozye ak tout Izrayelit yo te retounen nan kan an nan Gilgal+.
16 Pandan tan sa a, senk wa yo te kouri al kache nan gwòt ki Makeda a+. 17 Epi, gen moun ki vin di Jozye: “Men yo jwenn senk wa yo kache nan gwòt ki Makeda a+.” 18 Lè sa a, Jozye di: “Woule kèk gwo wòch pou n bouche gwòt la, epi met kèk gason veye yo. 19 Men, nou menm, nou pa dwe rete. Al kouri dèyè ènmi nou yo, epi atake yo pa dèyè+. Pa kite yo antre nan vil yo, paske Jewova, Bondye nou an, lage yo nan men nou.”
20 Apre Jozye ak Izrayelit yo fin touye anpil anpil moun pami yo jiskaske yo fin elimine tout, sof kèk moun ki te chape e ki t al antre nan gwo vil ki byen pwoteje yo, 21 tout Izrayelit yo te retounen sennesòf al jwenn Jozye nan kan ki Makeda a. Pa gen yon moun ki te pran chans di anyen mal* sou Izrayelit yo. 22 Apre sa, Jozye di: “Al debouche gwòt la, epi mennen senk wa ki anndan l yo ban mwen.” 23 Konsa, yo mennen senk wa yo ki te nan gwòt la ba li, anpalan de wa Jerizalèm nan, wa Ebwon an, wa Jamout lan, wa Lakis la ak wa Eglon an+. 24 Lè yo fin mennen wa yo bay Jozye, li fè rele tout mesye Izrayelit yo, epi li di kòmandan ki te alatèt mesye ki konn al nan lagè yo ki te avè l yo: “Avanse devan. Met pye nou sou kou wa sa yo.” Vrèmanvre, yo avanse, epi yo mete pye yo sou kou wa yo+. 25 Apre sa, Jozye di yo: “Pinga nou pè e pinga nou panike+. Mete kouraj sou nou e mete kran sou nou, paske se sa Jewova ap fè tout ènmi nou yo k ap fè lagè ak nou+.”
26 Annapre, Jozye touye senk wa yo, epi li pann yo chak sou yon poto*, e yo ret pandye sou poto yo rive jis aswè. 27 Lè solèy t apral kouche, Jozye te bay lòd pou yo desann yo sou poto yo+ e pou yo voye yo anndan gwòt kote yo t al kache a. Apre sa, yo met gwo wòch nan bouch gwòt la e wòch sa yo toujou la jis jodi a.
28 Jozye pran vil Makeda+ jou sa a e li touye moun ki ladan l yo ak kout epe. Li touye wa a ak tout moun* ki nan vil la. Li pa kite okenn moun vivan+. Li fè wa Makeda a+ menm sa l te fè wa Jeriko a.
29 Apre sa, Jozye ansanm ak tout Izrayelit yo kite Makeda y al Libna e yo fè lagè ak moun Libna yo+. 30 Epi, Jewova lage Libna ansanm ak tout wa l la+ nan men Izrayelit yo, yo detwi vil la e yo touye tout moun* ki ladan l ak kout epe. Yo pa kite yon moun vivan ladan l. Yo fè wa Libna a menm sa yo te fè wa Jeriko a+.
31 Annapre, Jozye ansanm ak tout Izrayelit yo kite Libna y al Lakis+, yo monte kan yo la e yo fè lagè ak moun Lakis yo. 32 Jewova lage vil Lakis nan men Izrayelit yo e sou dezyèm jou a, yo pran l. Yo te detwi vil la e yo touye tout moun* ladan l ak kout epe+, menm jan yo te fè nan Libna.
33 Epi, Oram, wa Gezè a+, monte pou l al ede moun Lakis yo, men Jozye touye l ansanm ak tout pèp li a jiskaske pa gen yon moun ki ret vivan.
34 Annapre, Jozye ansanm ak tout Izrayelit yo kite Lakis y al Eglon+, yo monte kan yo la e yo fè lagè ak moun Eglon yo. 35 Yo pran vil la jou sa a e yo touye moun ki ladan l yo ak kout epe. Yo touye tout moun* ladan l jou sa a, menm jan yo te fè nan Lakis+.
36 Epi, Jozye ansanm ak tout Izrayelit yo monte kite Eglon y al Ebwon+, epi yo fè lagè ak moun Ebwon yo. 37 Yo pran vil la e yo detwi l ak tout vil ki ozalantou l yo. Yo touye wa a ak tout moun* ki nan vil la ak kout epe, yo pa t kite okenn moun vivan. Menm jan Jozye te fè Eglon an, li detwi vil Ebwon ak tout moun* ki ladan l.
38 Alafen, Jozye ansanm ak tout Izrayelit yo vire al Debi+ e yo fè lagè ak moun nan vil la. 39 Li pran vil la ak tout vil ki ozalantou l yo, li detwi yo. Li touye wa a ak moun yo ak kout epe. Li touye tout moun* Debi yo+, li pa kite yon moun vivan+. Li fè Debi ak wa l la menm jan li te fè Ebwon ak Libna ansanm ak wa l la.
40 Jozye te pran tout peyi ki nan zòn ki gen mòn nan, sètadi Negèb, Chefela+ ak zòn ki gen ti mòn yo, ak tout wa yo, li pa t kite yon moun vivan. Li te touye tout moun yo+, dapre lòd Jewova, Bondye Izrayèl la, te ba li+. 41 Jozye te mache pran yo soti depi Kadèsbaneya+ rive Gaza+ ak tout peyi Gochenn+ rive jis Gabawon+. 42 Jozye te met men sou tout wa sa yo ak peyi yo t ap dirije yo yon sèl kou, paske se Jewova, Bondye Izrayèl la, ki t ap batay pou Izrayelit yo+. 43 Apre sa, Jozye retounen nan kan Gilgal la ak tout Izrayelit yo+.