Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se ak enstriman akòd pou yo akonpaye chante sa a. Yon chante David te ekri.
61 O Bondye, koute m lè m ap rele w pou m mande w sekou.
Koute priyè m nan+.
2 M ap rele w depi nan dènye bout tè a
Lè kè m sere+.
Fè m monte sou yon wòch ki pi wo pase m+.
3 Paske w se yon kachèt pou mwen,
Ou se yon fòtrès ki pwoteje m kont ènmi m+.
4 M ap abite lakay ou pou toutan+,
M ap kache anba zèl ou+. (Sela)
5 Paske, ou tande pwomès mwen te fè w yo, o Bondye.
Ou ban mwen eritaj ou bay moun ki gen respè pou non w yo+.
6 W ap ajoute kèk jou sou lavi wa a+,
Kantite tan l ap viv la ap anpil, l ap wè plizyè jenerasyon.
7 L ap chita sou twòn nan devan Bondye pou toutan+.
Se pou w pwoteje l akoz lanmou w ak fidelite w+.
8 Konsa, m ap chante louwanj pou non w pou toutan+
E m ap respekte pwomès mwen fè w yo chak jou+.