Ezayi
39 Nan epòk sa a, Mewodakbaladan, wa Babilòn, pitit gason Baladan, te voye yon lèt ak yon kado bay Ezekyas+ paske li te tande Ezekyas te malad e li te refè+. 2 Ezekyas te kontan resevwa* moun yo e li te montre yo kay kote ki gen trezò yo+. Li te montre yo ajan, lò, luil santi bon, lòt luil ki gen anpil valè, tout zam li te genyen ak tout sa li te genyen nan trezò l yo. Pa t gen anyen Ezekyas te gen lakay* li ak nan tout wayòm li an li pa t montre yo.
3 Apre sa, pwofèt Ezayi al kot wa Ezekyas e li mande l: “Ki sa mesye sa yo te di, e ki kote yo soti?” Ezekyas di l: “Yo soti nan yon peyi ki byen lwen, yo soti Babilòn+.” 4 Epi, Ezayi mande l: “Ki sa yo te wè nan kay* ou a?” Ezekyas reponn li: “Yo te wè tout sa k gen nan kay* mwen an. Pa gen anyen mwen pa t montre yo nan trezò m yo.”
5 Lè sa a, Ezayi di Ezekyas: “Tande sa Jewova, Chèf lame yo, di: 6 ‘Gade! Gen jou k ap vini kote y ap pran tout sa k nan kay* ou a ak tout sa zansèt ou yo te sere pou jis jodi a, e y ap pote yo Babilòn. Yo pap kite anyen+.’ Se sa Jewova di+. 7 ‘Mete sou sa, y ap pran kèk nan pitit gason w ap genyen yo e y ap mete yo nan gwo pozisyon nan palè wa Babilòn nan+.’”
8 Lè sa a, Ezekyas di Ezayi: “Mesaj Jewova ba w ban mwen an bon.” Epi, li di: “Paske, ap gen lapè ak sekirite* pandan m vivan an*+.”