BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 11
  • Premye lakansyèl la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Premye lakansyèl la
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Uit moun nan yon monn nouvo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yon monn te detwi anba dlo. Èske sa ap refèt ankò?
    Koute gran Anseyan an
  • Yon avètisman nan tan lontan
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Nan epòk delij la, kiyès ki te koute? Kiyès ki pa t koute?
    Koute Bondye pou w viv pou toutan
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 11
Premye lakansyèl la, lach Noye a kanpe sou tè sèch.

ISTWA 11

Premye lakansyèl la

ÈSKE w konnen ki premye bagay Noye te fè lè l te soti nan lach la ansanm ak tout fanmi l ? Li te bay Bondye yon ofrann oubyen yon kado. Se sa w wè l ap fè la a nan foto a. Noye te ofri bèt sa yo an kado pou l remèsye Bondye pou sove l te sove fanmi l anba gwo delij dlo a.

Èske w panse Jewova te kontan kado a ? Wi, li te byen kontan. Se sa k fè li te pwomèt Noye li pap janm detwi monn nan avèk yon delij dlo ankò.

Noye ak fanmi li ofri Jewova yon kado pou remèsye l.

Yon ti tan apre, tout tè a nèt vin sèch, e Noye vin kòmanse yon lòt vi avèk fanmi l pa deyò lach la. Bondye te beni yo epi li te di yo konsa : ‘ Se pou nou fè anpil pitit. Se pou nou vin anpil jiskaske tè a plen moun sou li. ’

Men annapre, lè moun ta tande pale de gwo delij dlo a, yo ta gendwa pè pou yon lòt delij menm jan an pa fèt ankò. Poutèt sa, Bondye te bay yon bagay ki pou fè moun yo sonje li fè pwomès pou l pa janm fè yon delij dlo vini sou tout tè a ankò. Èske w konnen ki sa l te bay pou fè moun yo sonje sa ? Se te yon lakansyèl.

Byen souvan, lè solèy klere apre lapli fin tonbe, nou konn wè yon lakansyèl parèt nan syèl la. Lakansyèl konn gen plizyè bèl koulè. Èske w deja wè yon lakansyèl ? Èske w wè sa ki nan foto a ?

Men ki sa Bondye te di: ‘ Mwen pwomèt pou sa pa janm rive, pou tout moun ak tout bèt peri anba yon delij dlo ankò. Mwen mete lakansyèl mwen nan nyaj yo. Lè lakansyèl la parèt, mwen va wè l, e lè sa a, m ap sonje pwomès mwen fè a. ’

Kounye a, lè w wè yon lakansyèl, se ki sa k dwe vin nan tèt ou ? Se pwomès Bondye fè pou l pa janm detwi monn nan avèk yon gwo delij dlo ankò.

Jenèz 8:18-22 ; 9:9-17.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje