Kantik 42 (92)
Ann preche ak anpil kran
1. Tout sèvitè Ya dwe toujou djanm,
Paske Satan vle detwi tout nanm.
Nou jwenn kouraj nan Pawòl Bondye,
E nan pataje sa nou te tande.
Pawòl Bondye a ban nou pisans,
Li fè n ret djanm menm lè n nan soufrans.
Ann ret byen fèm, ann montre n vanyan,
Tankou apot ak fidèl tan lontan.
2. Piske nou kwè, ak tout kè nou vre,
Pawòl Bondye a se verite,
Nou pa pè sa lòm ka fè n sibi,
Menm lè n pa anpil, lafwa n byen bati.
Ann konsantre n sou ministè a,
Ann fè moun yo konn bon nouvèl la.
Lè n preche byen fèm jiska lafen,
Bondye ap zanmi n toutan, se sèten.
3. N ap ede fèb yo ak kè kontan,
Pou yo menm tou ka pale ak kran.
Jèn timoun yo, n ap toujou ede,
Pou yo vin byen djanm san yo pa tranble.
N ap konsole moun k ap soupire,
N ap di yo : kouraj, Bondye toupre.
Tè a, li pral dirije kòm Wa,
Konsa, n ap kontan louwe Jewova.