BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • rq leson 16 p. 31
  • Desizyon w pou w sèvi Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Desizyon w pou w sèvi Bondye
  • Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Sou menm sijè a
  • Èske w pare pou w batize?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Batèm ak relasyon w avèk Bondye
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Èske m dwe vwe lavi m bay Bondye epi pou m batize?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Jèn: Èske w pare pou w batize?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Ki sa Bondye vle nou fè?
rq leson 16 p. 31

Leson 16

Desizyon w pou w sèvi Bondye

Ki sa w dwe fè pou w vin zanmi Bondye ? (1, 2)

Ki jan w ka fè pou w vwe tèt ou bay Bondye ? (1)

Kilè ou ta dwe batize ? (2)

Kouman w ka jwenn fòs pou w rete fidèl devan Bondye ? (3)

1. Pou w vin zanmi Bondye fòk ou gen yon bon konesans verite ki nan Bib la (1 Timote 2:3, 4), fòk ou mete lafwa nan bagay ou aprann yo (Ebre 11:6), fòk ou repanti de peche w (Travay 17:30, 31), e fòk ou kase tèt tounen nan fason w t ap viv la (Travay 3:19). Answit, lanmou w pou Bondye ta dwe pouse w vwe lavi w ba li. Sa vle di nan yon priyè pèsonèl, an prive, ou di li ou bay ou menm pou w fè volonte l. — Matye 16:24 ; 22:37.

2. Apre ou fin vwe w bay Bondye, ou ta dwe fè batize w (Matye 28:19, 20). Batèm nan fè tout moun konnen ou vwe tèt ou bay Jewova. Donk, batèm fèt sèlman pou moun ki ase gran pou yo pran desizyon pou yo sèvi Bondye. Lè yon moun ap batize tout kò l fèt pou plonje anba dlo a pou kèk moman.a — Mak 1:9, 10 ; Travay 8:36.

3. Apre ou fin fè yon ve, Jewova ap atann aske ou viv ann akò ak pwomès ou a (Sòm 50:14 ; Eklezyas 5:4, 5). Dyab la pral eseye bloke w pou w sispann sèvi Jewova (1 Pyè 5:8). Men, sere kole ak Bondye nan lapriyè (Filipyen 4:6, 7). Etidye Pawòl li chak jou (Sòm 1:1-3). Rete kole ak kongregasyon an (Ebre 13:17). Lè w fè tout sa, w ap gen fòs pou w rete fidèl devan Bondye. Konsa, pou tout letènite w ap kapab fè sa Bondye vle w fè !

[Nòt anba paj]

a Pou w prepare w pou batèm w ap bezwen etidye swa liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a swa yon lòt liv menm jan an Temwen Jewova pibliye.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje