Kantik 20
Tanpri, beni reyinyon nou yo
Édition imprimée
1. Jewova, nou mande’w tanpri,
Beni reyinyon nou yo.
Nou di’w mèsi dèske’n ansanm.
Ban nou lespri’w, Dye Trèwo.
2. Seyè, ede’n amelyore
Adorasyon n’ap ba ou.
Fòme nou pou’n bay temwayaj.
Ede nou gen plis lanmou.
3. Papa cheri, ede nou viv
Nan linite ak lapè.
Nan pawòl nou, nan aksyon nou,
Nou vle louwe’w ak respè.
(Gade tou Sòm 22:22; 34:3; Iza. 50:4.)