Anndan paj kouvèti a
Pou jèn nou yo nou renmen anpil,
Jewova, Papa w ki nan syèl la, renmen w anpil anpil. Li vle w gen kè kontan. Petèt w ap mande tèt ou: ‘Men, èske l vrèman posib pou m gen kè kontan jodi a?’ Se yon bon kesyon. Anfèt, nou jwenn anpil difikilte nan lavi a. Sanble se chak jou nou jwenn pwoblèm ki fè kè nou pa kontan. Men, Papa nou ki renmen nou anpil la ap ede nou! Pawòl li an ban nou konsèy ki ka ede nou debat ak lavi a. Byenke yo ekri Bib la sa fè lontan, konsèy ki ladan l yo toujou valab jodi a, menm jan sa te ye nan epòk yo te ekri l la. — Sòm 119:98, 99; 2 Timote 3:16, 17.
Nou te prepare liv sa a paske nou renmen w. Nou vle w gen kè kontan e pou w gen pi bon vi ki ka genyen an. Pou sa rive fèt, nou ankouraje w nonsèlman pou w li liv la depi nan kòmansman rive nan fen, men tou pou w tounen ladan l chak fwa w bezwen. Youn nan objektif ki fè yo ekri liv sa a se pou pèmèt gen pi bon kominikasyon ant ou menm ak paran w. Nou swete ou menm ak paran w ap li oswa menm etidye kèk pati nan liv la ansanm. Byen pwofite sajès ak eksperyans paran w genyen!
Frè nou yo,
Kolèj santral Temwen Jewova yo