BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jl leson 1
  • Ki kalite moun Temwen Jewova yo ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki kalite moun Temwen Jewova yo ye?
  • Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Sou menm sijè a
  • Aprann pitit ou konprann byen ak mal
    Reveye n! — 2019
  • 7 Bon prensip
    Reveye n! — 2018
  • Èske Temwen Jewova yo se kretyen toutbon?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Fason Bib la ka ede nou vin toleran
    Kèk lòt sijè
Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
jl leson 1

LESON 1

Ki kalite moun Temwen Jewova yo ye?

Yon Temwen Jewova nan peyi Dànmak.

Dànmak

Temwen Jewova Taywann yo.

Taywann

Temwen Jewova Venezyela yo.

Venezyela

Temwen Jewova ann End yo.

End

Konbyen Temwen Jewova ou konnen? Kèk nan nou ka vwazen w, kòlèg travay ou, kamarad lekòl ou, oswa n ka konn pale avè w sou Labib. Men, ki kalite moun nou ye toutbon e poukisa n ap fè moun konnen nan ki sa n kwè?

Nou se moun tankou tout moun. Nou soti nan divès ras ak tout kalite kouch sosyal. Gen kèk nan nou ki te nan yon lòt relijyon e gen lòt ki pa t kwè nan Bondye. Sepandan, anvan nou te vin Temwen Jewova, nou tout te pran tan pou n byen egzamine ansèyman ki nan Bib la (Travay 17:11). Nou dakò ak sa n aprann yo, e konsa, nou chwazi adore Jewova Dye.

Nou jwenn byenfè lefètke n etidye Labib. Menm jan ak tout lòt moun, n ap fè fas ak tout kalite pwoblèm e n gen pwòp feblès pa nou. Men, lefètke n fè efò pou n aplike prensip ki nan Bib la nan lavi nou chak jou, nou vin gen gwo amelyorasyon nan kalite lavi n ap mennen (Sòm 128:1, 2). Sa se youn nan rezon ki fè n ap fè lòt moun konnen bon bagay nou aprann nan Bib la.

Nou viv ann amoni ak prensip Bondye yo. Prensip sa yo, jan Bondye anseye yo nan Bib la, ankouraje n viv byen ak lòt moun epi demontre respè anvè yo. Pami prensip sa yo gen onètete ak bonte. Prensip sa yo ede n vin moun ki djanm, ki itil sosyete n ap viv la e yo ankouraje fanmi n viv nan inite e pou yo gen bon prensip moral. Piske n kwè “Bondye pa gen patipri”, nou vin fòme yon fanmi entènasyonal frè ak sè kote pa gen pwoblèm ras ak pwoblèm politik ki divize nou. Menmsi pèsonèlman, nou se moun tankou tout moun, nou se yon pèp ki pa gen parèy. — Travay 4:13; 10:34, 35.

  • Ki sa k fè Temwen Jewova yo se moun tankou tout moun?

  • Ki prensip Temwen Jewova yo aprann grasa etid yo fè nan Bib la?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje