BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 60 p. 144-p. 145 par. 2
  • Yon Wayòm k ap la pou toutan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon Wayòm k ap la pou toutan
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Pwen enteresan ki nan liv Dànyèl la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Yon wayòm ki tankou yon gwo pyebwa
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Ki sa Bib la di sou Dànyèl?
    Repons Bib la bay
  • Dànyèl — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 60 p. 144-p. 145 par. 2
Wa Nebikadneza fè yon rèv, li wè yon gwo estati yon wòch te vin kraze.

LESON 60

Yon Wayòm k ap la pou toutan

Yon jou swa, wa Nebikadneza te fè yon rèv dwòl. Sa te tèlman boulvèse l, li pa t ka dòmi. Li rele moun ki konn fè maji yo, epi li di yo: ‘Esplike m rèv mwen fè a.’ Yo di l: ‘O monwa, di nou ki rèv ou fè.’ Men, Nebikadneza di yo: ‘Non! Se nou ki pou di m ki rèv mwen fè, sinon m ap touye nou.’ Yon lòt fwa ankò, yo di wa a: ‘Di nou ki rèv ou fè e n ap esplike w sa l vle di.’ Li di: ‘Se twonpe nou tout ap chèche twonpe m. Di m ki rèv mwen fè!’ Yo di wa a: ‘Pa gen yon moun k ap viv ki ka fè bagay sa a. Sa w mande a se yon bagay ki enposib.’

Nebikadneza tèlman fache, li bay lòd pou yo touye tout moun ki gen sajès nan peyi a. Dànyèl, Chadrak, Mechak ak Abèdnego te ladan l tou. Dànyèl te mande wa a pou l ba l yon ti tan. Epi, li menm ak zanmi l yo te priye Jewova e yo te mande l pou l ede yo. Ki sa Jewova te fè?

Jewova te fè Dànyèl fè yon vizyon, li te montre l rèv Nebikadneza te fè a epi l fè l konnen sa rèv la vle di. Nan demen, Dànyèl t al kot sèvitè wa a, epi li di l: ‘Pa touye youn nan moun ki gen sajès yo. Mwen kapab esplike rèv wa a te fè a.’ Sèvitè a te mennen Dànyèl kot Nebikadneza. Dànyèl di wa a: ‘Bondye fè w konnen ki sa k pral rive alavni. Men rèv ou te fè a: Ou te wè yon kokennchenn estati ki gen yon tèt annò, lestomak li ak bra l te fèt ann ajan, vant li ak kuis li te fèt an kuiv, janm li te fèt an fè e pye l te fèt ak fè ki melanje ak ajil. Epi, gen yon wòch ki detache sot nan yon mòn e li vin frape pye estati a. Estati a kraze fè miyèt moso e van pote l ale. Wòch la te tounen yon gwo mòn, e l te plen tout tè a.’

Epi, Dànyèl di: ‘Men sa rèv ou a vle di: Wayòm ou an se tèt annò a. Ajan an se wayòm k ap vin apre w la. Apre sa, pral gen youn ki tankou kuiv k ap dirije tout tè a. Pwochen wayòm nan ap fò tankou fè. Anfen, pral gen yon wayòm ki divize k ap gen kèk pati ladan l ki fò tankou fè ak kèk pati ki fèb tankou ajil. Wòch ki vin tounen yon gwo mòn nan se Wayòm Bondye a. L ap kraze tout wayòm sa yo e l ap la pou toutan.’

Nebikadneza lage kò l devan Dànyèl fas anba. Li di: ‘Se Bondye w la ki fè w konn rèv mwen te fè a. Pa gen Bondye tankou l.’ Nebikadneza pa t touye Dànyèl, okontrè, li mete l chèf tout mesye ki gen sajès yo e l fè l vin yon dirijan nan Babilòn. Èske w wè ki jan Jewova te reponn priyè Dànyèl la?

“E yo rasanble wa yo nan yon zòn yo rele ann ebre: Amagedon.” — Revelasyon 16:16.

Kesyon: Sa k fè Dànyèl te ka esplike rèv Nebikadneza a? Ki sa rèv la te vle di?

Dànyèl 2:1-49.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje