BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • scl
  • Fèt

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fèt
  • Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen
Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen
scl

Fèt

Fèt kretyen yo patisipe ladan yo

Ki sèl fèt nan Bib la yo mande kretyen yo pou yo selebre?

Lk 22:19; 1Ko 11:​23-26

Sèvite Bondye yo pran plezi reyini ansanm pou yo adore Bondye

Dt 31:12; Eb 10:​24, 25

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • 2Kw 30:​1, 6, 13, 14, 18-27 — Wa Ezekyas te òganize yon fèt Pak ki te espesyal.

Fèt kretyen yo pa fete

Poukisa sa pa bon pou n patisipe nan fèt ki gen rapò ak fo relijyon?

1Ko 10:21; 2Ko 6:​14-18; Ef 5:​10, 11

Gade tou “Melanj relijyon”

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Eg 32:​1-10 — Izrayelit yo te fè Jewova an kòlè lè yo melanje vrè adorasyon an ak fo adorasyon.

    • Nb 25:​1-9 — Jewova te pini pèp li a poutèt yo te patisipe nan fèt relijyon payen yo e yo te fè imoralite.

Èske Nwèl se yon fèt pou kretyen fete?

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Lk 2:​1-5 — Jezi te fèt nan moman yo t ap fè yon resansman; Women yo pa t ap mande Juif rebèl yo ki te anba dominasyon yo pou yo vwayaje pou y al fè anrejistre yo nan yon sezon lapli, kote l te fè frèt.

    • Lk 2:​8, 12 — Lè Jezi te fèt, bèje yo te rete deyò, yon bagay yo pa t ap ka fè ditou nan mwa desanm, kote l te fè frèt anpil.

Èske kretyen yo ta dwe fete anivèsè nesans?

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 40:​20-22 — Farawon, yon wa payen, te fete anivèsè nesans li, lè sa a, li te fè touye youn nan sèvitè l yo.

    • Mt 14:​6-11 — Wa Ewòd, yon wa ki te rayi disip Kris yo, t ap fete anivèsè nesans li, nan okazyon sa a, li te touye Jan ki konn batize moun nan.

Fèt ki baze sou Lwa Moyiz la

Èske kretyen yo dwe obeyi kòmandman ki gen nan Lwa Moyiz la, sa gen ladan l divès kalite fèt li te mande fè yo?

Wm 10:4; Ef 2:15

Gade tou Ga 4:​4, 5, 9-11; Eb 8:​7-13; 9:​1-3, 9, 10, 24

Èske kretyen yo dwe obsève saba?

Kl 2:​16, 17

Gade tou Eg 31:​16, 17

Fèt nasyonal yo

Èske kretyen yo dwe patisipe nan fèt yo fè pou fete sa yon gouvènman oswa yon nasyon reyalize?

Jan 15:19; 18:36; Jk 4:4

Gade tou “Gouvènman — Kretyen yo pa mele nan politik”

Èske kretyen yo dwe patisipe nan fèt yo fè pou selebre lagè nasyon yo fè?

Sm 11:5; Eza 2:4

Gade tou “Gouvènman — Kretyen yo pa mele nan politik” ak “Lagè”

Èske kretyen yo ta dwe patisipe nan seremoni yo fè pou bay moun yon onè se sèl Jewova ki merite l?

Eg 20:5; Wm 1:25

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Tr 12:​21-23 — Bondye te pini Ewòd Agripa Iye poutèt li te aksepte moun adore l.

    • Tr 14:​11-15 — Apot Banabas ak apot Pòl pa t aksepte moun yo ba yo yon onè ki pa t kòrèk e ki te egzajere.

    • Re 22:​8, 9 — Zanj Jewova a pa t aksepte moun adore l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje