Lajan
Poukisa lanmou pou lajan se yon danje?
Gade “Materyalis”
Ki jan Bib la montre lè yon moun travay pou l fè lajan pou l ka pran swen fanmi l se pa yon bagay ki mal?
Ekl 7:12; 10:19; Ef 4:28; 2Te 3:10; 1Ti 5:8, 18
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Jen 31:38-42 — Malgre Jakòb te travay di pou Laban, ki te bòpè l, Laban te trete l yon fason ki enjis, men, Jewova te beni efò Jakòb t ap fè yo pou l te pran swen fanmi l.
Lk 19:12, 13, 15-23 — Jezi te bay yon egzanp pou l montre se te yon bagay nòmal nan epòk li a pou moun te envesti lajan yo genyen pou yo te ka rantre plis kòb.
Ki konsèy Bib la bay konsènan moun k ap prete lajan nan men lòt moun ak moun k ap prete lòt moun lajan?
Poukisa li pi bon pou n evite fè dèt ki pa nesesè?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Ne 5:2-8 — Gen yon seri mesye nan epòk Neyemi te gouvènè a ki te konn prete lòt moun lajan ak gwo enterè.
Mt 18:23-25 — Egzanp Jezi bay la a fè nou sonje yon moun ki prete lajan lòt moun e ki pa remèt li ka jwenn pinisyon.
Ki prekosyon nou ta dwe pran anvan nou antre nan biznis ak yon moun, kit li kwayan, kit li pa kwayan, e menmsi se yon manm fanmi nou?
Istwa nan Bib la ki kapab ede w:
Jen 23:14-20 — Pou Abraram te ka evite mezantant ak kont lè l te bezwen achte yon tè ki gen yon gwòt ladan l pou l te ka antere Sara, li te mande pou yo vann li tè a devan kèk temwen.
Jr 32:9-12 — Lè pwofèt Jeremi t ap achte yon teren nan men yon kouzen l, li te siyen yon kontra, li fè yon kopi ladan l, epi li te peye lajan an devan plizyè temwen.