BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • scl
  • Etid

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Etid
  • Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen
Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen
scl

Etid

Sa k fè kretyen yo dwe etidye Pawòl Bondye a regilyèman?

Sm 1:​1-3; Pw 18:15; 1Ti 4:6; 2Ti 2:15

Gade tou Tr 17:11

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Sm 119:​97-101 — Moun ki ekri Sòm 119 la te di li renmen lwa Bondye a e li te rakonte byenfè li jwenn lefètke l aplike lwa sa a nan lavi l.

    • Dn 9:​1-3, nòt — Lefètke pwofèt Dànyèl te konn etidye woulo ki sakre yo, sa pa t pran tan pou l konprann kantite tan Izrayelit yo t ap pase ann egzil la se 70 an.

Sa k fè li bon pou n kontinye aprann?

Eb 6:​1-3; 2P 3:18

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Pw 4:18 — Menm jan ak lè l ap fè jou, limyè solèy la klere tikras pa tikras, se konsa tou Jewova fè moun ki kite lespri l gide l la konprann verite ki nan Bib la tikras pa tikras.

    • Mt 24:​45-47 — Jezi te pwomèt li t ap mete yon “esklav fidèl ki prevwayan” pou bay manje espirityèl nan dènye jou yo.

Sa k fè sajès ki soti nan Bib la pi bon pase sajès ki soti nan sa lèzòm ekri yo?

Ekl 12:​11-13; 1Ko 3:19; 1Ti 6:​20, 21; 2P 1:​19-21

Ki sa Jewova pwomèt moun ki etidye Bib la ak tout kè yo?

Pw 2:​4-6; 9:10; Jan 6:45

Ki sa n dwe mande nan priyè nou fè anvan nou etidye Bib la?

Lk 11:13; 1Ko 2:10; Jk 1:5

Gade tou Sm 119:66

Poukisa nou dwe byen manje tout manje espirityèl “esklav fidèl ki prevwayan” an ban nou?

Mt 24:​45-47

Gade tou Mt 4:4; 1Ti 4:15

Poukisa nou dwe chèche gen yon konesans egzak e nou chèche gen yon konpreyansyon total sou sa Bib la anseye?

Fp 1:​9, 10; Kl 1:​9, 10

Sa k fè nou dwe chèche gen sajès ak bon konprann?

Pw 4:7; Ekl 7:25

Poukisa nou dwe byen pran san nou lè n ap li epi byen reflechi sou sa nou li a?

Joz 1:8; Sm 1:2

Sa k fè nou dwe gade ki fason pou n aplike sa Bib la di nan lavi nou?

Wm 15:4; 1Ko 10:11; 2Ti 3:​16, 17; Jk 1:​22-25

Poukisa n dwe reflechi sou fason pou n pataje sa n aprann yo ak lòt moun?

Pw 15:28; 1P 3:15

Lè nou etidye yon seri verite enpòtan plizyè fwa, ki jan sa kapab ede nou?

2P 1:13; 3:​1, 2

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Dt 6:​6, 7; 11:​18-20 — Jewova te mande pèp li a pou yo antre pawòl li yo nan kè pitit yo, donk, yo te dwe anseye pitit yo lè yo toujou repete pawòl li yo pou yo.

Ki avantaj sa bay lè fanmi yo etidye Pawòl Bondye a ansanm?

Ef 6:4

  • Istwa nan Bib la ki kapab ede w:

    • Jen 18:​17-19 — Jewova te mande Abraram pou l anseye moun lakay li yo pou yo obeyi l e pou yo fè sa ki dwat.

    • Sm 78:​5-7 — Chak jenerasyon ann Izrayèl te gen responsablite pou yo anseye jenerasyon k ap vini an, konsa, pèp la t ap kontinye mete konfyans li nan Jewova.

Ki jan sa ede nou lè nou etidye nan reyinyon kongregasyon an?

Eb 10:25

Gade tou Pw 18:1

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje