BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • CO-pgm25 p. 8
  • Enfòmasyon pou kongresis yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Enfòmasyon pou kongresis yo
  • Pwogram kongrè pou ane 2025
  • Sou menm sijè a
  • Enfòmasyon pou kongresis yo
    Pwogram kongrè pou ane 2024
  • Enfòmasyon pou kongresis yo
    Pwogram kongrè rejyonal 2023
  • Enfòmasyon pou kongresis yo
    Pwogram kongrè rejyonal 2020
  • Enfòmasyon pou kongresis yo
    Pwogram kongrè rejyonal 2019
Gade plis
Pwogram kongrè pou ane 2025
CO-pgm25 p. 8

Enfòmasyon pou kongresis yo

AKÈY Manm sèvis akèy yo la pou yo ede nou. Tanpri, byen kowopere avèk yo lè nou suiv enstriksyon yo bay anrapò ak pakin, anrapò ak deplasman moun lè gen anpil moun k ap soti oubyen antre nan espas kongrè a (sa gen ladan l lè gen ijans tou), anrapò ak rezèvasyon plas ak lòt bagay ankò.

BATÈM Y ap rezève plas ki anfas estrad la pou kandida batèm yo. Si gen yon chanjman, y ap anonse sa alavans. Kandida batèm yo dwe chita nan plas yo rezève pou yo a samdi maten, anvan diskou batèm nan kòmanse. Yo chak dwe pote yon sèvyèt ak yon abiman ki kòrèk pou batèm nan.

OBJÈ TWOUVE Si nou jwenn nenpòt bagay ki pèdi, pote l nan sèvis objè twouve a. Si w pèdi yon bagay, al nan sèvis sa a pou w wè si l la. Si nou jwenn timoun ki kite paran yo e ki pèdi, mennen yo nan sèvis sa a. Sepandan, pou n evite strès ki pa nesesè pou tout moun, tanpri, toujou veye sou timoun nou yo, e veye pou yo rete ansanm avèk nou.

OFRANN Yo te fè anpil depans pou nou ka jwenn plas pou nou byen chita, pou n ka gen yon sistèm sonorizasyon, ekipman videyo ak anpil lòt sèvis ki pèmèt nou santi n alèz pou n asiste kongrè a e pou ede n vin pi pwòch ak Jewova. Ofrann volontè nou fè yo ede nou kouvri depans sa yo e yo ede nou soutni travay mondyal la tou. Pou sa ka pi fasil pou nou, yo idantifye bwat ofrann yo byen klè divès kote nan lokal kongrè a. Men, si sa posib pou nou, tanpri fè ofrann nou sou Entènèt sou sit donate.jw.org. Se pa ti apresye nou apresye tout ofrann nou fè yo! Kolèj santral la remèsye nou pou ofrann nou bay pou n soutni travay Wayòm nan.

PLAS POU MOUN CHITA Tanpri, montre nou gen konsiderasyon pou lòt moun. Sonje sa, nou ka rezève plas sèlman pou fanmi pwòch nou k ap viv nan menm kay ak nou avèk moun ki vwayaje nan menm machin ak nou, oubyen pou moun n ap etidye Labib avèk yo. Tanpri, pa depoze anyen nan plas ki bò kote nou yo si se pa pou yon moun nou rezève yo.

PREMYE SEKOU Tanpri, sonje sèvis sa a la pou ka ijan sèlman.

SÈVIS POU VOLONTÈ Tanpri, si w vle sèvi kòm volontè pou w patisipe nan travay y ap fè nan kongrè a, al nan Sèvis Enfòmasyon ak Sèvis Volontè pou w ka fè yo konnen ou disponib.

Se Kolèj santral Temwen Jewova yo ki prepare kongrè a

© 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje