BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w04 1/8 p. 32
  • “ Nou ta renmen di l ‘ wi ! ’ ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Nou ta renmen di l ‘ wi ! ’ ”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
w04 1/8 p. 32

“ Nou ta renmen di l ‘ wi ! ’ ”

PA GEN lontan de sa, biwo filyal Temwen Jewova nan peyi Nijerya te resevwa yon lèt. Men kèk nan pawòl lèt sa a te gen ladan l :

“ Anderson, pitit gason nou an, mouri lè li te gen 14 an. Anvan l mouri, li t ap gade de ti poul. Li te vle vann yo e apre sa pou l voye lajan an bay filyal la kòm ofrann pou travay mondyal predikasyon an. Men, li te gentan mouri anvan poul yo te ka vann.

“ Nou menm, paran l, nou te gade poul yo e nou te vann yo jan l te vle a. Nou voye lajan an ban nou kòm ofrann pa Anderson. Grasa pwomès Jewova, nou sèten, talè konsa, wi, pa twò lontan, nou pral wè Anderson ankò. Nou ta renmen di l ‘ wi ! ’ lè li mande nou si nou te voye lajan an bay filyal la, jan li te vle fè l la. Se sa k fè, nou pa konn ki lè pou nou wè nonsèlman Anderson, men tou ‘ yon gwo nyaj temwen ’ ki pral resisite. ” — Ebre 12:1 ; Jan 5:28, 29.

Jan sa parèt klè nan lèt sa a, kwayans nan rezirèksyon se yon esperans ki bay vrè kretyen yo fòs. Menm jan ak fanmi Anderson, se pa ti kontan yon pakèt fanmi pral kontan lè yo pral akeyi moun pa yo ènmi ki rele lanmò a te pote ale ! — 1 Korentyen 15:24-26.

Pawòl Bondye a prezante esperans rezirèksyon an, yon espwa ki rekonfòtan, kòm youn nan pakèt bèl bagay ki pral reyalize nan monn nouvo ki jis la anba direksyon Wayòm Bondye a (2 Pyè 3:13). Anpalan de sa Bondye pral fè pou pèp li a nan epòk sa a, men sa Bib la di : “ Li pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. Bagay ansyen tan yo disparèt. ” — Revelasyon 21:4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje