Yon solisyon entèlijan
ANN Afrik santral, te gen twa jèn mesye ki te vle al asiste yon kongrè distri nan yon zòn nan peyi yo. Ki jan yo t ap fè ale ? Asanble a t apral fèt a anviwon 90 km. Wout yo pa bon, yo chaje ak pousyè. Anplis, yo pa t gen mwayen transpò. Yo te deside yo t ap prete 3 bisiklèt, men yo pa t ka jwenn bon bisiklèt ki te ka fè wout la.
Gen yon ansyen nan kongregasyon yo a ki te wè pwoblèm yo te genyen an e ki te ofri yo pou l prete yo yon bisiklèt li te genyen, yon ansyen bisiklèt ki te toujou an bon eta. Li te esplike yo ki jan li menm ansanm ak lòt moun te konn òganize yo lontan pou y al nan kongrè. Li te konseye yo itilize bisiklèt la a yo twa. Se te yon solisyon ki senp, men, ki te mande pou yo byen òganize yo. Men, ki jan twa moun ansanm ka itilize yon sèl bisiklèt pou yo vwayaje ?
Byen bonè nan maten, twa jèn frè yo te reyini yon fason pou yo te ka evite pati lè solèy la cho, e yo te mete chay yo sou bisiklèt la. Premye moun nan pran bekàn nan e de lòt yo suiv li byen rapidman. Apre anviwon 500 m, sa k te sou bekàn nan desann e li apiye bekàn nan tou chaje sou yon pyebwa. Natirèlman, li veye pou de frè yo te ka wè bekàn nan kote l mete l la, yon fason pou yon lòt moun pa t pase men pran l. Apre sa, li kontinye vwayaj la apye.
Lè de lòt frè yo rive bò kot bisiklèt la, youn nan yo monte l, epi lòt la kontinye mache anviwon 500 m ankò anvan tou pa l rive. Konsa, fason twa frè yo te òganize yo a e detèminasyon yo te genyen an te pèmèt yo redui distans yo te fè ap mache a. Donk, olye pou yo te fè 90 km ap mache, yo te fè anviwon 60 km. Efò yo te fè yo te vo lapèn, piske yo te reyini ak frè ak sè yo nan kongrè a e yo te byen pwofite festen espirityèl sa a (Det. 31:12). Èske w ap fè tout sa w kapab ane sa a pou w asiste kongrè distri k ap fèt pi pre w la ?