BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w08 1/10 p. 29-30
  • N ap viv nan tan ki difisil anpil jodi a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • N ap viv nan tan ki difisil anpil jodi a
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa ki siy “dènye jou yo” oswa “tan lafen an”?
    Repons Bib la bay
  • Èske n ap viv nan “dènye jou yo”?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Èske lafendimonn toupre?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Èske vrèmanvre n ap viv nan “ dènye jou yo ” ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
w08 1/10 p. 29-30

N ap viv nan tan ki difisil anpil jodi a

LABIB te anonse limanite t ap gen pou l viv nan ‘ tan k ap difisil anpil ’. Li te pale de epòk sa a kòm “ dènye jou yo ”. (2 Timote 3:1-5 ; 2 Pyè 3:3-7.) Jezi Kris te pale de menm epòk sa a lè l t ap reponn yon kesyon disip li yo te poze l konsènan “ konklizyon sistèm nan ”. (Matye 24:3, NW.) Èske jodi a n ap viv nan dènye jou yo ? Konpare sa Bib la te anonse ak sa dènye rapò pi ba yo di, epi tire pwòp konklizyon pa w.

Sa Bib la te anonse : lagè sou tout tè a — Lik 21:10 ; Revelasyon 6:4.

Dapre dènye rapò yo : “ Gen plis pase twa fwa plis kantite moun ki mouri akoz lagè nan 20yèm syèk la pase kantite total moun ki mouri nan lagè nan tout syèk ki te pase anvan yo, soti depi nan epòk Kris te fèt la. ” — Worldwatch Institute.

Sa Bib la te anonse : rate manje ak maladi — Lik 21:11 ; Revelasyon 6:5-8.

Dapre dènye rapò yo : An 2004, te gen anviwon 863 milyon moun ki te soufri malnitrisyon. Parapò ak ane 2003, sa fè 7 milyon moun anplis. — Organisation des Nations unies pour l’alimentation et l’agriculture.

Gen apeprè yon milya moun k ap viv nan bidonvil ; 2,6 milya moun ap viv nan salte ; 1,1 milya moun pa gen dlo pwòp pou yo bwè. — Worldwatch Institute.

Gen 500 milyon moun ki gen malarya ; 40 milyon moun ki gen sida ; e an 2005, tibèkiloz te touye 1,6 milyon moun. — Òganizasyon Mondyal pou Lasante.

Sa Bib la te anonse : moun ap detwi latè — Revelasyon 11:18.

Dapre dènye rapò yo : “ Akoz aktivite lèzòm ap fè, li posib talè konsa pou gen kèk kategori bèt ak kèk kategori plant ki pa egziste ankò. ” “ Prèske detyè nan sèvis anviwònman an rann lèzòm ap deteryore toupatou nan monn nan. ” — Évaluation des écosystèmes du millénaire.

“ Lèzòm pwodui yon seri gaz ki fè tanperati tè a ap chanje, e sa ka gen konsekans ki danjere pou planèt la. ” — NASA, Goddard Institute for Space Studies.

Sa Bib la te anonse : predikasyon bon nouvèl Wayòm Bondye a sou tout tè a — Matye 24:14 ; Revelasyon 14:6, 7.

Dapre dènye rapò yo : Pandan ane 2007 la, te gen yon maksimòm 6 957 854 Temwen Jewova ki te pase plis pase 1,4 milya èdtan ap preche bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a nan 236 peyi. — Annuaire des Témoins de Jéhovah 2008.

Jan nou sot wè sa, Bib la te anonse t ap gen rezon pou nou pozitif, malgre tout move nouvèl moun t ap tande yo. Jezi te pale de “ bon nouvèl ” Wayòm Bondye a. Ki sa Wayòm Bondye a ye ? Ki espwa Wayòm nan bay ki fè limanite kapab espere yon pi bon avni ? E ki jan Wayòm Bondye a ap enfliyanse w ?

[Antrefilè nan paj 29]

Bib la te anonse sitiyasyon nou wè ki egziste nan monn nan jodi a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje