BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w12 1/4 p. 8
  • Èske li enpòtan pou n konn repons yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske li enpòtan pou n konn repons yo?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Sou menm sijè a
  • Èske laverite toujou enpòtan?
    Kèk lòt sijè
  • Jezi Kris: Ki efè mesaj li a gen sou ou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Lèt Kolèj santral la
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Pi bèl kado a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
w12 1/4 p. 8

Èske li enpòtan pou n konn repons yo?

“N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” — JAN 8:32.

GEN yon seri kwayans konsènan Jezi ki lage moun nan konfizyon oswa menm ki twonpe yo. Bib la gen verite ki kapab libere nou anba kwayans sa yo. Men, èske sa nou kwè sou Jezi gen enpòtans vre? Wi. Sa enpòtan pou Jewova. Sa enpòtan pou Jezi. E sa ta dwe enpòtan pou nou.

● Poukisa sa enpòtan pou Jewova? Paske tou senpleman “Bondye se lanmou”. (1 Jan 4:8.) Jewova vle nou viv ak kè kontan pou toutan. Jezi te di: “Bondye tèlman renmen [lèzòm], li bay sèl Pitit li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li [...] gen lavi ki pap janm fini an.” ​(Jan 3:16). Bondye te voye Pitit li a pou l vin sove nou e pou l ban nou posiblite pou nou viv pou toutan nan Paradi a sou tè a, jan li te vle sa depi okòmansman an (Jenèz 1:28). Tout moun ki aprann laverite sou Pitit Bondye a e ki viv ann amoni ak sa yo aprann yo, Bondye swaf ba yo lavi ki pap janm fini an. — Women 6:23.

● Poukisa sa enpòtan pou Jezi? Jezi renmen lèzòm tou. Li te montre li renmen nou lè li te aksepte bay vi l an sakrifis pou nou (Jan 15:13). Li te konnen se sèl fason sa a pou moun gen posiblite jwenn delivrans lan (Jan 14:6). Èske nou ta dwe sezi aprann Jezi ta renmen wè plis moun posib benefisye sakrifis li te bay kòm ranson an? Se poutèt sa li te bay vrè disip li yo misyon pou yo anseye moun toupatou sou tè a konsènan volonte Bondye ak objektif li. — Matye 24:14; 28:19, 20.

● Poukisa sa ta dwe enpòtan pou nou? Fè yon ti reflechi sou bagay nou konnen ki gen anpil enpòtans pou ou, pa egzanp sante w ak fanmi w. Èske w swaf pou ni ou menm ni moun ou renmen viv an sante e pou nou viv pi byen? Pa mwayen Jezi, Jewova ofri ni ou menm ni moun ou renmen yo posiblite pou nou gen yon sante ki pafè ak yon lavi ki pap janm fini nan yon monn nouvo kote pap gen doulè ak soufrans (Sòm 37:11, 29; Revelasyon 21:3, 4). Èske w ta renmen viv nan yon monn konsa? Si se sa, gen yon bagay ou bezwen fè.

Gade vèsè ki ansanm ak tit la ankò: “N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” Laverite sou Jezi ak sou wòl li jwe nan reyalizasyon objektif Bondye kapab libere nou anba esklavaj ki pi rèd ki genyen an: esklavaj peche ak lanmò. Men, pou w jwenn liberasyon, ou bezwen “konnen laverite”. Sa w panse si w ta aprann konn plis bagay sou laverite ak sou fason li kapab pote byenfè pou ni ou menm ni moun ou renmen yo? Temwen Jewova yo ap byen kontan ede w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje