BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w12 1/4 p. 16-17
  • Poukisa kretyen yo batize?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa kretyen yo batize?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Sou menm sijè a
  • W ap jwenn anpil benediksyon lè w batize!
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Èske w pare pou w batize?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Siyifikasyon batèm ou
    Adore sèl vrè Dye a
  • Batèm: Yon obligasyon pou kretyen yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
w12 1/4 p. 16-17

Kite Pawòl Bondye a anseye w

Poukisa kretyen yo batize?

Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tè ou e li montre ki kote ou kapab li repons yo nan pwòp bib ou. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avè w.

1. Ki sans batèm kretyen yo resevwa a genyen?

Batèm se yon demann yon moun fè Bondye pou l gen yon bon relasyon avè l. Kidonk, yon kretyen ta dwe batize lè l ase gran pou l aprann konn Bondye e pou l vin yon disip Jezi, li pa ka fè sa lè l tibebe (Travay 8:12; 1 Pyè 3:21). Nou vin disip Jezi lè nou aprann sa l ban nou lòd pou nou fè e lè nou fè yo. — Li Matye 28:19, 20.

Nan epòk apot Jezi yo, gen anpil moun ki te deside aprann konn Bondye ak Jezi san pèdi tan. Pa egzanp, gen yon mesye ki te vin yon disip Jezi tousuit li te fin aprann lanmò Jezi bay posiblite pou moun sove. Jodi a, gen anpil moun sensè ki chwazi vin disip Jezi. — Li Travay 8:26-31, 35-38.

2. Poukisa Jezi te batize?

Jezi te gen anviwon 30 an lè Jan ki te konn batize moun nan te plonje l anba dlo nan rivyè Jouden an. Jezi te batize pou l montre li pran desizyon pou l fè sa Bondye te vle l fè (Ebre 10:7). Youn nan bagay Bondye te vle l fè se pou l te bay lavi l kòm sakrifis pou peche lèzòm. Depi anvan Jezi sot nan syèl la vin viv sou tè a, li te renmen Papa l, Jewova, e li te toujou obeyi l. — Li Mak 1:9-11; Jan 8:29; 17:5.

3. Poukisa yon kretyen dwe batize?

Sitiyasyon nou pa menm ak pa Jezi paske nou menm nou fèt pechè. Men, lanmò Jezi ki te yon sakrifis ban nou posiblite pou nou gen yon bon relasyon ak Bondye (Women 5:10, 12; 12:1, 2). Anfèt, li posib pou nou vin fè pati fanmi l, konsa n ap vin moun pa l (2 Korentyen 6:18). Ki jan n ap fè vin gen privilèj sa a? Se lè nou fè yon priyè an prive, nou vwe Jewova lavi nou, nou pwomèt li pou n fè volonte l pandan tout vi nou. Apre nou fin fè ve sa a, nou batize pou n montre sa piblikman. — Li Matye 16:24; 1 Pyè 4:2.

4. Ki jan w ka prepare w pou w batize?

Temwen Jewova yo etidye Labib ak tout moun ki vle pwoche bò kote Bondye. Lè w etidye Labib e w asiste reyinyon yo, sa ap fè w vin gen plis lanmou pou Bondye e sa ap fè w gen plis lafwa nan li. Epitou, sa ap ede w vin gen bon konpòtman ak bon abitid. Si w fè efò pou w gen lanmou, lafwa ak lòt kalite ki fè Bondye plezi, sa ap ede w viv ann amoni ak ve ou te fè pou w sèvi Jewova toutan an. — Li Jan 17:3; Ebre 10:24, 25.

Pou plis enfòmasyon, gade chapit 18 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje