BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w12 15/10 p. 32
  • Ankourajman ki soti nan bouch “timoun piti”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ankourajman ki soti nan bouch “timoun piti”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Sou menm sijè a
  • Yo nan prizon pou lafwa yo — Larisi
    Temwen Jewova ki nan prizon pou lafwa yo
  • Yo te ofri tèt yo volontèman — Nan peyi Larisi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Nouvèl sou kesyon jiridik
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • Ou menm paran, ede pitit ou vin gen lafwa
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
w12 15/10 p. 32

Ankourajman ki soti nan bouch “timoun piti”

An desanm 2009, pi gwo Tribinal peyi Larisi a te pran desizyon pou yo kanpe travay Temwen Jewova yo nan vil Taganrog. Yo te sezi Sal Wayòm nan e yo te mete entèdiksyon sou 34 nan piblikasyon nou yo paske yo te fè konnen yo reprezante yon danje pou moun yo. Gen yon rapò konsènan sa k te pase a ansanm ak foto Temwen nan Taganrog yo, san wete foto timoun yo, ki te parèt sou sit Entènèt Temwen Jewova yo.

Larissa ak Cody

Timoun nan peyi Ostrali yo.

Kèk mwa annapre, apre yon fanmi Temwen k ap viv Queensland, yon vil nan peyi Ostrali, te fin li rapò sou desizyon Tribinal la te pran an, yo te voye yon bwat ansanm ak yon lèt bay biwo Temwen Jewova yo nan peyi Larisi. Men sa fanmi sa a te ekri: “Frè nou yo, lafwa zanmi nou yo k ap viv nan peyi Larisi ak eprèv y ap rankontre touche Cody, pitit gason nou an, ak Larissa, pitit fi nou an, anpil. Yo voye kèk kat ak kèk lèt pou yo, e nou voye yon ti pake ki gen kado ladan l pou timoun nan vil Taganrog yo, yon fason pou nou fè yo konnen gen lòt timoun ki byen lwen yo k ap sèvi Jewova fidèlman menm jan avèk yo e k ap panse avèk yo tou. Yo voye anpil salitasyon ak lanmou pou timoun sa yo.”

Apre timoun nan vil Taganrog yo te fin resevwa kado sa yo, yo te voye plizyè lèt ki gen desen ladan yo bay fanmi sa a k ap viv nan peyi Ostrali pou di yo mèsi. Ankourajman sa yo ki te soti “nan bouch timoun piti” te tèlman touche yon frè ki nan filyal peyi Larisi a, sa te pouse l ekri Cody ak Larissa pou l di yo: “Nou kapab imajine jan sa fè ni timoun ni granmoun santi yo mal lè yo fè yo soufri pou yon bagay yo pa t menm fè. Frè ak sè nou yo nan vil Taganrog pa fè anyen ki mal, aktout sa yo sezi Sal Wayòm yo a. Sa fè yo mal anpil. Sa ap ankouraje yo lè yo konnen gen moun k ap viv lòt kote sou tè a k ap panse ak yo. Mèsi pou lanmou nou ak jantiyès nou.” — Sòm 8:2.

Timoun nan Taganrog, Larisi

Timoun peyi Larisi yo ki te resevwa kado timoun peyi Ostrali yo.

Pa gen dout nan sa, nou fè pati yon fanmi entènasyonal, e lanmou nou gen youn pou lòt la ede nou fè fas ak tout kalite pwoblèm ak eprèv nou rankontre nan lavi a. Pandan tribinal yo ap akize piblikasyon Temwen Jewova yo kòmkwa y ap pouse moun rayi moun, timoun nou yo bò kote pa yo ap montre jan yo gen lanmou youn pou lòt, yon lanmou ki travèse tout fwontyè ak kilti, ki montre pawòl Jezi te di yo se laverite. Men sa Jezi te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:35.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje