BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 15/2 p. 31-32
  • Bagay “Nou pap janm bliye” a te rive atan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bagay “Nou pap janm bliye” a te rive atan
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 15/2 p. 31-32

Bagay ki nan achiv nou

Bagay “Nou pap janm bliye” a te rive atan

“NOU PAP JANM BLIYE” l! Se konsa anpil moun konn pale konsènan “Dram kreyasyon an”. Li te rive atan e moun ki te wè l yo pa janm bliye l. Vrèmanvre, “Dram kreyasyon an” te bay yon gwo temwayaj ki fè moun louwe Jewova yon ti tan anvan rejim Hitler a te kòmanse lage gwo pèsekisyon sou sèvitè Jewova ki t ap viv ann Ewòp yo. Men, ki sa “Dram kreyasyon an” ye?

Non nouvo dram nan te soti nan liv Création an (Schöpfung).

Nan ane 1914, syèj mondyal Temwen Jewova yo ki nan Bwouklin, Nouyòk, Ozetazini, te fè soti “Fotodram kreyasyon an”. Se te pwojeksyon yon seri fim ansanm ak dyapozitiv an koulè, ki gen son e ki dire uit èdtan. Gen plizyè milyon moun nan monn nan ki te gade “Fotodram kreyasyon an”. Nan menm ane 1914 la, yo te fè soti yon vèsyon ki pi kout sou dram sa a ki rele “Erèka dram”. Men nan ane 1920 yo, ni dyapozitiv yo ni fim yo ak aparèy pwojeksyon yo te fin gate nèt. Malgre sa, te gen moun ki te vle gade “Fotodram” nan. Pa egzanp, moun ki t ap viv nan Ludwigsburg yo, yon vil ann Almay, te poze kesyon sa a: “Ki lè y ap pase “Fotodram” nan ankò?” Ki sa k t apral fèt nan ka sa a?

Pou yo te ka rive konble gwo bezwen ki te genyen pou pase dram nan ankò, nan ane 1920, reprezantan fanmi Betèl Magdeburg la, yon vil ann Almay, te achte fim yo nan yon ajans ki bay nouvèl nan vil Pari. Yo te achte dyapozitiv yo nan men kèk konpayi ki konn fè desen nan vil Leipzig ak Dresden. Yo te itilize materyèl sa yo ansanm ak kèk ansyen dyapozitiv “Fotodram” nan ki te ka sèvi toujou nan moman an.

Frè Erich Frost, yon mizisyen ki gen anpil talan, te konpoze mizik ki akonpaye fim yo ak dyapozitiv yo. Yon pati nan pawòl ki te nan dram nan te soti nan liv Création an. Se pou rezon sa a, yo te rele nouvo vèsyon “Fotodram” nan: “Dram kreyasyon an”.

Menm jan ak “Fotodram” nan, nouvo dram nan te dire uit èdtan e yo te pase l moso pa moso pandan plizyè nuit, youn apre lòt. Li te bay bonjan enfòmasyon sou jou kreyasyon yo, li te fè yon revizyon sou istwa ki nan Bib la ak listwa lèzòm, e l te montre fo relijyon an te twonpe lèzòm. Yo te pase “Dram kreyasyon an” ann Otrich, Almay, Liksanbou, Suis ak kèk lòt kote moun pale alman.

Erich Frost ak nòt mizik li te ekri pou “Dram kreyasyon an”.

Men sa frè Erich Frost te esplike: “Nan prezantasyon dram nan, mwen te konn ankouraje moun ki avè m yo, sitou moun ki nan òkès la, pou yo pase nan chak ranje epi ofri moun yo bèl liv ak bèl bwochi nou yo pandan moman poz la. Konsa, nou te bay plis piblikasyon pase sa nou te ka bay si n t ap preche kay an kay.” Johannes Rauthe, yon frè ki te òganize plizyè prezantasyon dram nan an Polòy ak nan peyi ki rele Repiblik tchèk kounye a, fè konnen te gen anpil moun nan asistans lan ki te kite adrès yo yon fason pou yo te ka vizite yo. Yo t al vizite moun sa yo e yo te gen bonjan konvèsasyon sou Bib la ak yo.

Nan ane 1930 yo, tout sal yo te ranpli chak fwa yo t ap pase “Dram kreyasyon an”, e tout moun nan vil sa yo te konn pale de Temwen Jewova yo. Ozanviwon ane 1933, te gen prèske yon milyon moun ki te asiste prezantasyon dram filyal Almay la te òganize yo. Men sa Käthe Krauss rakonte: “Pou nou te ka senpleman gade dram nan, nou te mache 20 kilomèt ale retou chak jou, pandan toule senk jou yo t ap pase dram nan. Nou te pase nan forè, nou monte mòn, desann mòn e nou pase nan vale.” Men sa yon sè ki rele Else Billharz di: “‘Dram kreyasyon an’ te fè m vin renmen laverite.”

Alfred Almendinger te fè konnen, lè manman l te fin gade dram nan, li “te tèlman kontan, li achte yon Bib pou l te ka chèche mo ‘pigatwa’ a”. Piske l pa t ka jwenn mo a nan Bib la, li te sispann al legliz epi l te fè l batize. Dapre sa Erich Frost te rakonte, “gen anpil moun ki te vin aksepte laverite grasa ‘Dram kreyasyon an’”. — 3 Jan 1-3.

Pandan “Dram kreyasyon an” t ap vale teren, se konsa pati nazi a t ap vale teren tou e l t ap bay anpil pwoblèm ann Ewòp. Nan kòmansman ane 1933, yo te entèdi aktivite Temwen Jewova yo ann Almay. Depi lè sa a pou rive jis nan fen Dezyèm Gè mondyal la, an 1945, sèvitè Jewova ann Ewòp yo te sibi gwo pèsekisyon. Erich Frost te pase anviwon uit ane nan prizon. Men, li pa t mouri, e annapre, li t al sèvi nan Betèl Wiesbaden, yon vil ann Almay. Erezman, bagay nou pap janm bliye a, sètadi “Dram kreyasyon an”, te rive atan yon fason pou bay anpil kretyen kouraj pou yo ka fè fas ak eprèv ki t apral met lafwa yo an danje pandan Dezyèm Gè mondyal la! — Bagay ki nan achiv nou ann Almay.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje