BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 1/2 p. 10
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Jezi netwaye tanp lan
    Liv istwa biblik mwen an
  • Jezi pwòpte tanp lan
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Èske w te konnen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Ann bay privilèj pou n adore Jewova nan tanp espirityèl li a anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 1/2 p. 10

ÈSKE W TE KONNEN?

Ki sa lalwa yo te konn itilize nan tan biblik yo te ye?

Pyebwa aga a

Lalwa a soti nan yon pyebwa ki rele bwa aga.

Bib la fè konnen yo te konn sèvi ak lalwa pou yo fè rad ak kabann santi bon (Sòm 45:8; Pwovèb 7:17; Chan Salomon 4:14). Lalwa Bib la pale de li a sanble soti nan yon pyebwa ki rele bwa aga (yon espès Akilarya). Pandan bwa a ap pouri, li bay yon luil santi bon ak yon likid yo rele rezin. Yo travay bwa a pou fè l tounen poud, apre sa yo vann li kòm “lalwa”.

Bib la konpare tant izrayèl yo ak ‘yon pye lalwa Bondye plante’. (Nonb 24:5, 6.) Petèt, sa fè referans ak fòm bwa aga a genyen. Se yon pyebwa ki ka rive anviwon 30 mèt wotè e branch li laj anpil. Byenke yo pa jwenn pyebwa sa a nan Izrayèl epòk nou an, gen yon diksyonè ki fè konnen “pa gen anyen ki entèdi nou panse nan epòk sa a yo te konn kiltive pyebwa sa a ak lòt pyebwa ankò moun pa konnen nan [rejyon an] kounye a, nan vale Jouden an, yon vale ki te rich e ki te gen anpil moun”. — A Dictionary of the Bible.

Ki kalite ofrann yo te aksepte nan tanp Jerizalèm nan?

Yon so ann ajil ki soti nan tanp Jerizalèm nan

So ann ajil sa a soti nan tanp Jerizalèm nan, li gen anviwon 2 000 an.

Selon Lwa Bondye a, tout sakrifis yo t ap ofri nan tanp lan te dwe pi bon kalite posib. Bondye pa t ap aksepte sakrifis ki gen defo (Egzòd 23:19; Levitik 22:21-24). Dapre Filon, yon ekriven juif nan premye syèk la, nan epòk sa a, prèt yo te konn egzamine bèt yo “depi nan tèt rive nan pye” pou yo te ka sèten bèt yo te ranpli tout kondisyon yo e “yo pa t gen okenn tach oswa defo”.

Gen yon biblis ki rele Edward P. Sanders ki di li posib pou moun ki te responsab tanp lan te “otorize kèk moun yo fè konfyans, ki konn vann bèt pou fè sakrifis, pou yo vann sèlman bèt ak zwazo prèt yo te deja enspekte. Nan ka sa a, machann nan te dwe bay moun ki vin achte a yon resi ki montre bèt la san defo”.

An 2011, akeyològ yo te jwenn youn nan resi sa yo oswa garanti, nan zòn tanp lan. Se yon moso ajil ki te gen yon so ladan l ki gen menm fòm ak yon pyès monnen ki te egziste ant premye syèk anvan epòk nou an e ane 70 epòk nou an. Men jan kèk akeyològ te tradui de mo arameyen ki nan so a: “Pwòp pou Bondye.” Gen moun ki panse responsab tanp lan te konn met garanti sa yo sou pwodui yo t ap itilize pou sakrifis oswa sou bèt yo t ap bay kòm sakrifis.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje