Lis sijè yo
Janvye 2016
© 2016 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
3 Yo te ofri tèt yo volontèman — nan Oseyàni
SEMÈN 29 FEVRIYE 2016–6 MAS 2016
7 Ann pran detèminasyon pou n “kontinye gen lanmou pou frè yo”!
Ki tèks nou chwazi pou ane 2016 la? Ak ki sa n ta dwe panse lè n ap gade tèks sa a pandan tout ane a? Atik sa a pral montre n kòman n ka jwenn plis byenfè nan tèks pou ane a.
SEMÈN 7-13 MAS 2016
12 “Kado moun pa jwenn mo pou yo esplike l” la oblije nou!
Jewova ban nou yon kado apot Pòl rele “kado moun pa jwenn mo pou yo esplike l”. (2 Kor. 9:15.) Ki sa kado sa a ye? Ki fason li oblije n suiv tras Jezi Kris, pou n renmen frè nou yo e pou n padone lòt moun ak tout kè n? Nou pral reponn kesyon sa yo e n pral egzamine kèk bagay nou ka fè nan epòk memoryal la.
SEMÈN 14-20 MAS 2016
17 Lespri a ak lespri nou ap bay temwayaj
SEMÈN 21-27 MAS 2016
De atik sa yo pral esplike ki jan yon moun ka konnen Bondye chwazi l pou l al nan syèl e ki sa sa vle di pou moun sa a lefètke l se yon moun Bondye chwazi. Anplis de sa, nou pral wè fason moun Bondye chwazi yo ta dwe wè tèt yo ak fason nou ta dwe reyaji lè n wè gen ogmantasyon nan kantite moun ki pran nan pen an ak diven an toupatou sou tè a.
SEMÈN 28 MAS 2016–3 AVRIL 2016
28 Travay ansanm ak Bondye bay anpil kè kontan
Depi byen lontan, Jewova ap envite lòt moun vin travay avè l pou ede l reyalize objektif li. Objektif li se pou yo rive bay yon temwayaj sou tout tè a, e l envite n patisipe nan travay sa a. Atik sa a pral pale sou byenfè nou jwenn antanke konpayon travay Bondye.
FOTO KI SOU PAJ KOUVÈTI A:
MADAGASKA
Yon pyonye k ap li yon vèsè nan Bib la ak yon moun ki sou yon charyo nan yon zòn nan Morondava ki rele Avni Baobab, nan Madagaska.
KANTITE PWOKLAMATÈ
29 963
KANTITE ETID BIBLIK
77 984
ASISTANS MEMORYAL