BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 3 p. 3
  • Lè w gen yon moun pa w ki mouri

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè w gen yon moun pa w ki mouri
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan lòt moun ka bay èd pa yo?
    Lè lanmò pase pran yon moun pa w...
  • “Kriye ak moun k ap kriye”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Ki jan m ka rive viv ak lapenn mwen genyen an?
    Lè lanmò pase pran yon moun pa w...
  • Fason pou w fè fas ak lapenn ou genyen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 3 p. 3
Yon fi ki nan lapenn

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A

Lè w gen yon moun pa w ki mouri

“Bondye konnen sa ki pi bon, zanmi mwen. Non,... ou pa bezwen kriye.”

Yon moun te di pawòl sa yo nan zòrèy yon dam ki rele Bebe. Li te nan antèman papa l ki te mouri nan yon aksidan machin.

Bebe te gen yon relasyon sere sere ak papa l. Se yon zanmi fanmi an ki te gen bon entansyon ki te di l pawòl sa yo, men Bebe te twouve pawòl sa yo plis blese l pase yo rekonfòte l. Li te kontinye ap di tèt li: “Lanmò l [papa l] se pa t sa ki pi bon an.” Sa te parèt klè lè Bebe t ap rakonte aksidan an nan yon liv plizyè ane annapre, li te toujou nan lapenn.

Menm jan Bebe te vin wè sa, sa ka pran anpil tan pou yon moun fè fas ak lapenn li genyen, sitou lè li nan lapenn pou yon moun ki te pwòch li anpil ki mouri. Nan Bib la, yo gen rezon pale de lanmò kòm “dènye ènmi”. (1 Korentyen 15:26.) Lanmò se yon bagay ki anpeche n kontinye viv, e pa gen anyen ki ka anpeche l fè sa. Souvan, se nan moman nou pa atann ditou li pase pran moun pa nou yo. Pa gen youn nan nou ki pap pase anba woulo konpresè l la. Se sa k fè se yon bagay ki nòmal pou nou santi n san fòs lè n ap fè fas ak lanmò ansanm ak konsekans li pote yo.

Petèt, ou gendwa mande tèt ou: ‘Konbyen tan lapenn sa a ka dire? Ki jan yon moun ka fè fas avè l? Ki jan m ka konsole moun ki nan lapenn akoz moun pa yo ki mouri? Èske gen espwa pou moun pa nou yo ki mouri?’

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje