Lis sijè yo
SEMÈN 29 ME 2017–4 JEN 2017
3 “Lè w fè yon ve, kenbe pawòl ou”
Konbyen ve w fè Jewova? Youn, de oubyen twa? Èske w santi w fè tout sa w kapab pou w respekte yo? Ki sa w panse konsènan ve w te fè anvan w te batize a oswa lè w t ap marye a? Atik sa a fè n sonje bèl egzanp Jefte ak Ana kite pou nou toutpandan n ap fè tout sa n kapab pou n respekte ve n fè Bondye yo fidèlman.
SEMÈN 5-11 JEN 2017
9 Ki sa k pap la ankò lè Wayòm Bondye a vini?
Souvan, nou panse ak bagay Jewova pral ban nou nan Paradi a, men nan atik sa a, nou pral konsantre n sou sa li pral retire yo. Ki sa Jewova pral retire pou l fè yon monn ki gen lapè ak kè kontan? Lè n chèche konn repons lan, sa ap fè n vin gen plis lafwa ak plis detèminasyon pou n andire.
14 Byografi — Mwen te detèmine pou m yon sòlda Kris
SEMÈN 12-18 JEN 2017
18 “Jij tout tè a” toujou fè sa ki jis
SEMÈN 19-25 JEN 2017
23 Èske w wè kesyon jistis la jan Jewova wè l la?
Lè n kwè yo fè n enjistis oswa nou wè yo fè lòt moun enjistis, lafwa nou, imilite n ak fidelite n ka pase anba eprèv. Nan atik sa yo, nou pral wè twa egzanp nan Bib la k ap ede n wè kesyon jistis la jan Jewova wè l la.
SEMÈN 26 JEN 2017–2 JIYÈ 2017
28 Dezi pou w sèvi kòm volontè a fè Jewova jwenn louwanj
Jewova pa bezwen pèsonn fè anyen pou li. Poutan, li kontan anpil lè l wè jan n vrèman enterese nan soutni dwa l genyen pou l dirije a. Jij chapit 4 ak chapit 5 montre jan Jewova bay sa valè lè l wè jan nou dispoze met tèt nou ansanm pou n suiv enstriksyon klè li ban nou.