BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w17 oktòb p. 32
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Se pou wi nou vle di wi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Bondye te sèmante l ap reyalize pwomès li yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
w17 oktòb p. 32

Èske w te konnen?

Ki abitid Juif yo te genyen ki fè Jezi te kondane kesyon fè sèman an?

Yon mesye k ap fè sèman nan tanp lan.

SELON Lwa Moyiz la, gen sitiyasyon kote l te apwopriye pou moun fè sèman. Men, nan epòk Jezi a, moun yo te tèlman konn fè sèman nan aktivite y ap mennen chak jou, yo te vin gen tandans fè sèman pou ti krik ti krak. Yo te adopte vye abitid sa a pou yo te ka fè moun kwè sa yo t ap di. Se sa k fè, pandan de fwa, Jezi te montre l pa t dakò ak sa. Men sa l te di: “Se pou ‘Wi’ nou vle di wi, e se pou ‘Non’ nou vle di non.” — Mat. 5:33-37; 23:16-22.

Dapre yon diksyonè (Theological Dictionary of the New Testament), “tandans Juif yo te genyen pou fè sèman pou apiye kèlkeswa deklarasyon yo fè” te fò anpil e n ka wè sa nan yon seri pasaj nan Talmid la ki presize ki sèman moun te dwe bay enpòtans e ki sèman yo pa t dwe bay enpòtans.

Se pa Jezi sèlman ki te kondane vye abitid sa a. Pa egzanp, men sa yon istoryen juif ki te rele Flaviyis Jozèf te di konsènan yon sèk juif: “Yo evite fè sèman, yo konsidere sa pi mal lontan pase bay fo temwayaj, paske yo di yon moun yo pa ka kwè, san l pa sèmante devan Bondye, se yon moun ki deja kondane.” Epitou, men sa yon liv juif apokrif ki rele Sirasid, oswa Eklezyastik, (23:11) fè konnen: “Yon moun k ap plede sèmante se yon moun ki san lwa nèt.” Jezi te kondane abitid fè sèman pou ti krik ti krak la. Si n toujou di laverite, nou pap bezwen fè sèman pou fè moun plis kwè sa n di.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje