Èske Bondye enterese nan ou?
© 2018 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
Imaj ki sou paj kouvèti a montre yon moun ki chape anba yon katastwòf natirèl.
Peryodik sa a pa pou vann. Nou pibliye l nan kad yon travay ansèyman biblik n ap fè nan lemonnantye. Se ofrann volontè ki rann travay sa a posib. Pou w fè yon ofrann, tanpri al sou www.jw.org/ht. Tout vèsè yo site nan peryodik sa a soti nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a. Lè nou pran yo nan yon lòt tradiksyon Labib, nou ekri non tradiksyon an.
PERYODIK SA A, Toudegad, onore Jewova Dye, Souvren linivè a. Peryodik sa a rekonfòte moun yo grasa bon nouvèl ki fè konnen Wayòm Bondye a, ki nan syèl la, pral fini ak tout mechanste e li pral fè tè a tounen yon paradi talè konsa. Li ankouraje moun pou yo mete lafwa yo nan Jezi Kris, li menm ki te mouri pou nou ka gen lavi ki pap janm fini an e k ap gouvène kounye a antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Depi 1879, n ap pibliye peryodik sa a ki pa gen okenn rapò ak politik e ki baze sou Bib la.