BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w18 janvye p. 32
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Men Sèvitè ki fè Jewova plezi anpil la !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • “Lwa Jewova a bon nèt”
    Annou pwoche bò kote Jewova
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
w18 janvye p. 32

Èske w te konnen?

Nan Izrayèl tan lontan an, èske yo te konn aplike prensip ki nan Lwa Moyiz la lè y ap regle mezantant moun te konn gen ant yo chak jou?

PAFWA, wi. Ann pran yon egzanp. Detewonòm 24:14, 15 di: “Nou pa dwe eksplwate yon moun ki nan nesesite, ki pòv, k ap travay pou nou pou lajan, kit se yon frè nou kit se yon etranje ki nan peyi a [...]. Si nou [...] fè sa, l ap plenyen nan pye Jewova, e n ap vin koupab paske nou peche.”

Moso veso ann ajil.

Moso veso ann ajil yo te ekri plent kiltivatè a te fè a.

Gen yon enfòmasyon yo jwenn konsènan yon plent konsa ki egziste depi setyèm syèk anvan epòk nou an. Yo te jwenn li toupre Achdòd. Petèt yo te ekri l pou yon moun ki konn travay nan jaden yo di ki pa t rive bay yon kantite manje angren li te dwe bay. Men sa ki nan dokiman sa a yo te ekri sou yon moso veso ann ajil: “Apre sèvitè w la [moun ki fè plent lan] fin met rekòt la nan depo sa gen kèk jou, Ochayawou, pitit gason Chobay, te vini epi l pran rad sèvitè w la. [...] Tout moun ki t ap fè rekòt la avè m nan solèy cho a ap sèvi m temwen [...] sa m te di a se laverite. Mwen pa koupab nan okenn sans. [...] Si gouvènè a pa konsidere sa kòm yon obligasyon pou l fè yo remèt sèvitè l la rad li a, fè sa pou w montre w gen pitye pou mwen! Ou pa dwe ret san w pa di anyen pandan sèvitè w la pa gen rad pou l mete.”

Gen yon istoryen ki rele Simon Schama ki fè konnen plent sa a “aprann nou plis bagay pase dezespwa yon kiltivatè genyen pou l rejwenn [rad li]. Li fè konprann tou moun ki fè plent lan te konnen kèk bagay konsènan kòd lwa ki nan Bib la, sitou kòmandman ki nan liv Levitik ak liv Detewonòm nan ki te entèdi yo maltrete moun ki pòv la”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje