Yo tout dwe ‘ akeyi pawòl la ak tout kè yo ’ !
1 Plizyè milyon moun ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Pou yo ranpli kondisyon pou yo jwenn lavi etènèl, fòk yo ‘ akeyi pawòl la ak tout kè yo ’, menm jan ak 3 000 moun ki te repanti e ki te batize jou Lapannkòt ane 33 epòk nou an (Ak 2:41). Ki reskonsablite sa mete sou do nou jodi a ?
2 Nou bezwen ede moun n ap etidye Labib avèk yo pou yo devlope yon atachman pou Jewova (1 Timote 4:7-10). Se nan objektif sa a, paj mitan Le ministère du Royaume jiyè 1996, nan paragraf 20, bay sijesyon sa a : “ Tout pandan etid la ap fèt, chèche okazyon pou nou fè etidyan an vin apresye kalite Jewova yo. Di ki santiman pwofon nou menm nou genyen pou Bondye. Ede etidyan an reflechi pou l wè ki jan li ka vin genyen relasyon pèsonèl entim ak Jewova. ”
3 Defi pou nou leve a : Etandone pifò moun yo sibi enfliyans fo relijyon, yo kontante yo ak yon fòm adorasyon ki mande yon tikras tan ak yon tikras efò, san yo pa bezwen fè yon chanjman reyèl nan fason y ap viv (2 Timote 3:5). Defi ki devan nou, se ede moun n ap etidye Labib avè yo pou yo wè, nan vrè adorasyon an, yo pa ka kontante yo pou yo rete senp oditè pawòl Bondye a. Yo dwe aplike konesans yo genyen an nan lavi yo (Jak 1:22-25). Si gen kèk bagay nan konpòtman yo ki deplè Bondye, fòk yo admèt yo dwe ‘ viretounen ’ epi fè sa ki dwat pou yo ka fè l plezi (Ak 3:19). Pou yo jwenn lavi etènèl, yo dwe ‘ fè jefò ak tout vigè yo ’ e yo dwe pran yon pozisyon fèm pou laverite. — Lik 13:24, 25.
4 Lè n ap egzamine divès aspè kesyon moralite, mande moun n ap etidye avè l la sa l panse vrèman de koze sa yo, epi mande l sa l ta dwe fè si li wè nesesite pou li pote chanjman nan vi li. Dirije atansyon li sou òganizasyon ki pèmèt li aprann verite a, epi ankouraje l asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman. — Ebre 10:25.
5 Annou fikse objektif pou nou touche kè etidyan an grasa ansèyman nou. Nou va jwenn lajwa pandan n ap ankouraje nouvo yo pou yo akeyi pawòl Bondye a ak tout kè yo e pou yo batize ! — 1 Tesalonisyen 2:13.