Komemorasyon lanmò Kris nan lemonnantye
1 Jewova vide yon dividal kado sou nou. Yo byen dekri pwofondè byenveyans li kòm yon “ kado gratis li bay, moun pa ka dekri ”. Wi, “ bonte Bondye nou pa merite a ” tèlman mèveye, dekri li depase kapasite nou. — 2 Korentyen 9:14, 15.
2 Pi gwo kado li ba nou : Kòm Redanmtè limanite, Jezi Kris se pi gwo pami tout kado Jewova bay. Pou l te ka montre gwo amou li genyen pou lèzòm, li te bay Pitit byenneme li a, sèl Pitit li fè a (Jan 3:16). Yon benediksyon konsa nou pa menm merite, mande yon komemorasyon nan lemonnantye ! Ki lè e ki jan ? Nan sware 1e avril 1999 la, kretyen toupatou sou latè pral komemore Repa Seyè a lè yo selebre Memoryal sakrifis ki pi gran pase tout lòt sakrifis. — 1 Korentyen 11:20, 23-26.
3 Kris te mouri pou nou “ alòske nou te tou pechè ”. E nou ka montre pèsonèlman nou rekonesan lè nou selebre Memoryal lanmò li, lè nou envite lòt moun pou yo la avèk nou nan gwo gwo okazyon sa a. — Women 5:8.
4 Selebrasyon ki pi enpòtan an : Lè w gade, Komemorasyon lanmò Kris la souliye yon bagay : Jezi te soutni souvrènte Bondye pafètman. Li raple nou tou nou kapab benefisye yon pozisyon pwòp devan Jewova lè nou egzèse lafwa nan sakrifis Jezi a. Konsa nou gen asirans n ap sove (Ak 4:12). Vrèman, se selebrasyon ki pi enpòtan nan ane a !
5 Nou montre nou gen amou pou pwochen nou lè nou envite yo selebre Repa Seyè a avèk nou. Byenfè ranson an toujou valab pou plizyè milyon moun k ap aprann pakèt valè li genyen (Filipyen 3:8). Moun ki egzèse lafwa nan sakrifis Kris la kapab vin gen esperans solid, esperans lavi etènèl la. — Jan 17:3.
6 Epòk Memoryal la ba nou bèl okazyon pou nou montre nou apresye bonte Bondye ki san parèy nou pa merite a. Se bon lè pou nou patisipe avèk zèl nan preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. Gen gwo benediksyon k ap tann tout moun ki medite nan lapriyè sou kado gratis Jewova moun pa ka dekri a, e ki pran dispozisyon pou yo prezan ane sa a nan selebrasyon Repa Seyè a !