“ Mete kichòy akote ”
Nan epòk premye kretyen yo, kongregasyon yo te konn fè fas ak kèk pwoblèm ekonomik. Yo te konn ankouraje chak moun pou l “ mete kichòy akote ”, selon jan aktivite l mache, pou l ka bay ofrann pou yo rezoud pwoblèm sa yo (1 Kor. 16:1-3). Kòm rezilta lespri donan yo te genyen an, yo tout te kontan etan yo t ap bay Bondye “ anpil remèsiman ”. — 2 Kor. 9:11, 12.
Jodi a, travay mondyal pèp Jewova a ap kontinye etann li. Sa mande pou nou mete plis kòb deyò. Menm jan sa te konn fèt nan tan lontan, li bon tou pou nou “ mete kichòy akote ” regilyèman pou nou ede nan depans ki merite fèt yo (2 Kor. 8:3, 4). Nou ka bay ofrann plizyè fason. (Gade La Tour de Garde 1ye novanm 2001, paj 28-9.) Nou gen rezon pou nou konsidere sa kòm yon privilèj ki bay bonjan kè kontan. — Tra. 20:35.